• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, 16 January 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Kwonik # 2: Levye pou transfòme peyi Ayiti : Sou fòmasyon sosyal Ayiti a

Kwonik #1 : Levye pou transfòme Ayiti

Jounalis Ekoloji Politik ak kiltirel

Apre nou fin konstate gen diplis nan gouyad entèpretasyon ak transfòmasyon monn lan, mete sou dosye Ayiti a, li parèt enpòtan pou nou ta kanpe an granmoun fòmasyon sosyal ki bay nesans avèk Ayiti pòs lendepandans lan. Paske Ayiti a gen 3 nivo nan fòmasyon sosyal li a. Yonn se eksperyans ki te tanmen nan 6 mil lanne avan jezikris la pou bout nan debakman kolon yo. Yon lòt eksperyans ki te kòmanse apati 1492 pou nou bout 18 novanm 1803. Dènye bout la kòmanse premye janvye 1804 jouk jounen jodi a. Se sou li nou pral deplòtonnen larèl lide sou fòmasyon sosyal peyi a, menmsi nou konnen de premye yo rive enfliyanse mak fabrik dènye a. Deja pou yonn, fòmasyon sosyal yon peyi, se mannyè sosyete a òganize tèt li sou dimansyon klas, kontradiksyon ak dyalektik pou fè dappiyanp sou richès peyi a. Savledi, se yon dinamik ki pou di kiyès ki gen kontwòl mwayen pwodiksyon yo, ki rapò sosyal travay moun yo tabli, kòman leta enfliyanse ak detèminen tout fòs pwodiktif peyi a.

Pou mete kout nan makout, apre lendepandans, pi gwo richès peyi a se te latè. Te gen yon premye mouvman bò kote ansyen lib yo ( milat yo) pou fè kont mal taye pou pran kontwòl tè yo, sou baz fo papye. Desalin sou bò kote pa li, deside kanpe ankwa kont demach. Kote li te mande verifye papye tè yo, nan lide pou kenbe tè yo sou kontwòl leta pou ranfòse pisans piblik peyi a. Bridsoukou, yo asasinen Desalin ki te kanpe anfas pwojè fewodalis ansyen lib yo. Rapid vit, ekip Petyon an pral ede mete kanpe pwojè fewodalis la avèk demach gran don yo. San kite dèyè, yon latriye tè ki te rete nan men leta pou gwo zouzoun ki nan tèt leta ka banbile. Bwaye menm, te pral ajoute sou pwojè fewodalis, gran don, demwatye ekip Petyon an avèk pwojè newokolonyalis kolon Lafrans yo pou vin esplwate danre grandon ak ti malere grandon ap esplwate.

Depi lò sa, se pa ti batay ki te toujou tanmen nan mitan klan fewodal yo, si nou ka repete pawòl Jak Estefèn Aleksi nan manifès pati antant popilè a. Sitou, nan klivaj nwa ak milat nan peyi a.

Pou rapousiv avèk lide Aleksi yo, li fè kwè, sou Jefra te kòmanse gen yon ekonomi machann ki te pral grefe sou ekonomi fewodal la. Sa ki te pral bay nesans avèk yon kriz ki gen yon latriye tèt tankou semi fewodal, semi kolonyal ak prekapitalis nan yon fouchèt liberalis ak lespri nasyonalis. Sitiyasyon ki pral bay nesans avèk yon kategori boujwazi ki gen divès tèt. Pou n kontinye rete deplòtonnen nan jouk Aleksi a, li te gen yon tèt antidemokratik ak antinasyonalis. Apre sa, yon tèt enstab k ap laloz pou fè ti kòb li. Boutofen, yon tèt nasyonalis.

Lòt eleman n ap siyale rapidopresto, ekonomi newokolonyal ki te kòmanse a, pral sibi yon chanjman apre lokipasyon Etazini an ki pral kanpe dimansyon enperyalis li nan peyi nan dat 1915. Savledi, nan peryòd newokolonyal la, se te sistèm fewodal la ki te jouke avèk kolon yo. Men, nan reyalite pòs lokipasyon an, se sektè machan k ap achte pou revann nan kapitalis enperyalis la ki vin jouke avèk kapitalis yo pou krabinen tout dinamik pwodiksyon nasyonal la. Kidonk, nou vin gen yon klas boujwazi antipwogrè ak antinasyonalis k ap toupizi malere ak malerèz k ap travay yo. San kite dèyè, peyi a fèmen; manke aktivite ekonomik k ap pran. Se chomaj ak travayè otonòm ( sektè enfòmèl) k ap taye banda sou peyi a. San bliye moun ki pati kite peyi a, ki pa kanpe sou bit konstwi richès pou lavi miyò ka posib bò isit. Leta menm, toujou jouke tèt li nan menm demach la. Pou dayè tout aksyon politik toujou fèt pou detèminen monn ekonomik la. Sa ki vin fè Ayiti tounen yon lanfè pou detwi fòs kouraj ak travay li yo.

Boutofen, latriye tablo nou drese la, mete peyi a nan yon demach ekonomik predatè, kote chak aktè ki gen yon fòs sou lòt, pwofite mete pye sou kou lòt la pou trangle li. Se yon demach ki chaje ak alyenasyon, kote chak aktè kòm yon potansyèl mèt ki dwe pwofite sistèm lan. Nan sans sa, ki mannyè ki ka penmèt nou rive transfòme reyalite sosyal peyi ? Yon prewokipasyon entèlektyèl ki ta dwe mennen nou nan yon konsyantizasyon kolektif pou rive transfòme sistèm lan ki pa mens menm. Nou chita sou yon lojik chak koukouy klere pou je yo, nan detwi sak pi piti. Kidonk, kategori sosyal ki pi ap sibi peze souse peyi a, pako pran konsyans pou transfòme reyalite sosyal peyi a. Lè nou di kategori sosyal sa, nou vle pale ak chomè yo, travayè otonòm yo ak travayè defavorize yo.

A swiv……

Tags: AyitiEkonomiKlasKonsyansLetalideMounitesosyete
Previous Post

La résurrection de la mémoire de Boisrond-Tonnerre: un appel à la réhabilitation

Next Post

Kwaze leuit : chak pa,  yon istwa

James Francisque

James Francisque

Next Post
Kwaze leuit : chak pa,  yon istwa

Kwaze leuit : chak pa,  yon istwa

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026

Recent News

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED