• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, 16 January 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Kwonik 4/ LEVYE POU TRANSFÒME AYITI A : SOU MAK FABRIK SOSYETE AYITI A

Kwonik # 2: Levye pou transfòme peyi Ayiti : Sou fòmasyon sosyal Ayiti a

Sa ki dwe sèten nan kabѐs tèt nou zanmi kanmarad lasosyete, tout sosyete gen yon fòmasyon sosyal ki pral detѐminen fòs pwodiktif li, mwayen pwodiksyon li, rapò sosyal pwodiksyon li ; sitou yon gwoup sosyal ki rive fè dappiyanp sou richès peyi a. Men tou, fòmasyon sosyal sila, toujou mache kòtakòt, bradsou bradsa, avèk yon panse sosyal ki pral deplòtonnen apati aparèy idewolojik la pou chita lide gwoup dominan nan tèt moun yo pou lejitime fòmasyon sosyal k ap taye banda, nan yon chema alyenasyon. Se sa w te ka rele kapital kiltirèl k ap mennen pwojè sosyete peyi a. Se nan kalfou sa, n ap chita nan kwonik sa, pou rale konsèp mak fabrik sosyete Ayiti a, nan piwèt lide pou dekòtike li pou rive jwenn trip foumi li.


San nou pa pase nan kat chimen pou konprann mak fabrik peyi ki rele Ayiti a, nou dwe sènen li, nan kalfou k ap louvri tapi wouj pou 3 sivilizasyon k ap bouyi anba bonnany peyi a. Depi plis pase 6mil lanne anvan jezikris, te gen yon manman penmba sivilizasyon ki t ap detòtye egzistans sou zile a, avèk Taynòs yo, Karayib yo ak Sibone yo. Gen sila ki ta menm fè kwè moun sa yo ta sanble desandan atlant yo. Nou sonje filozòf Platon se te yonn nan moun ki te siyale egzistans sivilizasyon atlantid la. Avèk debakman, kolon ewopeyen yo, nan lanne 1492, yo vin plante kwa sivilizasyon oksidantal la sou zile Kiskeya.

Yon ti tan apre, swit ak enpak jenosid ak etnosid gwoup otoktòn yo, sou konsèy Las Casas, bò lanne 1503 jiska 1507, yo te pral derape avèk operasyon kidnapin sou afriken yo nan kontinan Afrik la pou vin jouke yo nan jouk kolonyal ak esklavajis kontinan Amerik la. Sa ki te pral inogire koze kòmès triyangilè a, kote tout biten an te pran direksyon Ewòp. Savledi tou, moun afriken sa yo, te tou vini avèk sivilizasyon pa yo tou. Depi lòs sa, fòs lanati tanmen yon maranday nan mitan jaden sivilizasyon sa yo, san kite enfliyans sila mizilman yo, akoz kolonizasyon arab la sou kontinan Afrik la.


Se yon pwojè ki sibi yon tralye faz anvan li vin chita sou 3 gwo pilye wòch dife idewolojik sa yo :


1- Maranday sila, chita yon idewoloji kreyolis, ki pati ak lide nan sans etimoloji li kreyare, ki vledi, ripti koupe fache pou anjandre yon eleman nouvo. Kidonk, pwosesis sila, ranmase tout eleman pozitif nan tout sivilizasyon yo pou konstwi yon nouvo sivilizasyon ki pa ni yonn ni lòt nan sa anvan yo. Men, li bati sou esans yo nan yon fon amoni. Nan sans sa, n ap pwofite rann yon omaj li merite avèk akademisyen Pierre Michel Chéry, ki travèse samdi 25 me 2024 la, kote li te toujou ap klewonnen Ayiti gen yon sivilizasyon apa.


2- Rapò dyalektik ki t ap deplòtonnen ant sivilizasyon oksidantal la, k ap gade moun sou aparans sèlman ak sivilizasyon afriken/Taynòs yo k ap gade moun nan dimansyon pwofondè yo, fè yo oblije degaje yon idewoloji mounis. Mo moun lan soti nan peyi Kongo/Afrik, etimoloji li se MUNTU. MU an vledi antite kosmik. NTU a vledi enèji ansyen. Kidonk, yon moun se yon antite kosmik ki abite avèk yon enèji ki soti nan kosmòs pou gide egzistans li. Se prezans enèji sila ki favorise dimansyon libète moun lan. Se sa k fè nan batay ayisyen an kont esklavajis la, li te klewonnen, tout moun se moun, pa gen moun plis pase moun. Savledi, sa ki fè w moun lan se dimansyon enèjetik k ap mennen lavi w la. Ou pa dwe kite okenn lòt domine w. Ou dwe batay pou respè dinite w.


3- Pou pwosesis maranday la byen chita, li dwe pati avѐk yon lide ekolojis. Se sitou yon ekoloji pwofondè. Kivledi, yo chita sou prensip lanati pou rive marande dimansyon lavi ki genyen ant sivilizasyon yo. Demach ayisyen an rete nan jouk lide kote se prensip lanati ki dwe mennen egzistans moun yo. Se sa k fè Boukman te di nou, jete pòtre Dye blan ki pa kreye lanati. Se pou nou koute vwa Bondye ki nan nou an, ki se vwa libète k ap dyayi nan zantray nou an. Se yon demach ki envite nou rekonekte avèk piwèt lanati. Se la w ap jwenn pi bon sajès pou w abite latè nan sans ekozòf Félix Guattari a.


Malgre pèspektiv istorik la te desinen nan kalfou sivilizasyon ak idewoloji sila yo, panzon ki te bay 1806 nan asasina anperè Desalin ak lòt konpayèl li yo, vin fè sa ki reyisi kòm pwojè sosyete nan peyi a, se pwojè kont revolisyon an. Paske, se te yon pwojè ki te gen yon latriye gwo manman penmba anje ki t ap taye banda dèyè l. Arivay revolisyon endistriyѐl la t ap poze ekonomi mondyal kolonyal/esklavajis la kesyon.

Nan sans sa, te gen twa gwo òd mondyal ki t ap desinen. Yon òd newokolonyal avèk pisans kolonyal yo pou yo te toujou fè dappiyanp sou richès peyi yo te kolonize yo, kòm matyè premye. Yon òd enperyalis avèk peyi etazini kòm pisans endistriyѐl non kolonyal, nan lide pou rive kreye mache ak dominasyon pou ekoule pwodwi endistriyѐl li yo.

Boutofen, òd libète a t ap bouske lide pou tout moun ak peyi ka lib nan yon nouvo rapò alafwa sosyal, pwodiksyon ak diplomatik ki chita sou valorizasyon potansyèl chak antite nan yon respè mityèl. Kidonk, fòk de premye pisans te rive antann yo pou demantibilite òd libète Ayiti t ap pote nan kòsaj yo a. Kidonk, vin gen yon gwo batay jewopolitik sou tèt Ayiti, san konte fòmasyon sosyal yo vin tabli a avèk tout aparèy idewolojik pou desonnen ayisyen an nan vre batay li a.
Alaverite, zafè mak fabrik peyi a, chita nan mitan de jouk. Yon jouk istorik k ap tante deplòtonnen chema sivilizasyon ak idewoloji nou t ap dekri anlè a. Epi, yon jouk pòs lendepandans, sitou pòs 1806, ki chita sou pwojè k ap deplòtonnen la pou desonnen bannany Ayiti a pou fè l bliye kou premye kazak li, jouk istorik la. Jouk sila, se yon jouk dan doukla ki alafwa pote nan zantray li, yon tèt newokolonyal ak yon tèt enperyalis. Maranday tou de rive deplòtonnen reyalite fewodal, prekapitalis ak kapitalis n ap viv jouk jounen jodi a. Pou fini nèt, sa k pi gwo prewokipasyon entèlektyèl nou, se ki mannyè n ap itilize ki pral penmèt nou, rive abite peyi a avèk eskanp figi bonnany dantan li ki fin disparèt pou omwen jouk istorik la ka rive ponmen kò li ?

Tags: AyitiKlasKonsyanslideMounitesosyete
Previous Post

Célébration de la fête des mères : retour sur la deuxième édition de « Konbit Fèt Manman »

Next Post

La corruption, un mode de gouvernance précaire en Haïti

James Francisque

James Francisque

Next Post
La corruption, un mode de gouvernance précaire en Haïti

La corruption, un mode de gouvernance précaire en Haïti

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026

Recent News

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED