• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, 16 January 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Kwonik #6 (Premye pati) / Levye pou transfòme Ayiti : Sou kategori sosyal ki ta dwe pote drapo transfòmasyon sosyal peyi a

Kwonik #6 (Premye pati) / Levye pou transfòme Ayiti : Sou kategori sosyal ki ta dwe pote drapo transfòmasyon sosyal peyi a

Yonn nan pwoblematik ki toujou sele lespri moun dyougan k ap reflechi sou transfòmasyon sosyal Ayiti a, se toujou kategori oubyen klas sosyal ki ta dwe mobilize nan gwo manman penmba operasyon wòdpòte sila.

Lè nou site konsèp transfòmasyon sosyal la, san nou pa detounen li sou wout li, se yon dinamik ki vize akouche, nan yon chema radikal, yon lòt fòmasyon sosyal, yon lòt rapò sosyal pwodiksyon, yon lòt panse sosyal ak yon lòt rapò sou dinamik apwopriyasyon richès la. Men, jeneralman, moun ki mobilize nan gran chantye sila a, se toujou sila yo k ap sibi oubyen k ap koukouman anba dominasyon ak esplwatasyon sistèm sosyal k ap taye banda a.

Sa ka rive tou, nan klas sosyal k ap dominen an, gen kèk lespri dyougan ki rive nan limit yon nivo konsyans sosyal ak politik pou wè nesesite chanjman radikal y ap bouske a. Men tou, kategori sosyal ki pral mobilize sou transfòmasyon sosyal peyi a, pa yon bagay otomatik avèk lide moun k ap sibi dominasyon ak esplwatasyon sistèm lan. Paske, sistèm lan toujou mache ak yon nivo alyenasyon k ap vegle konsyans sosyal ak politik klas domine a, nan lide pou yo aksepte dominasyon sistèm lan.

Kidonk, pèspektiv transfòmasyon an ap rive posib, se lè yon latriye konsyans moun rive chape anba dominasyon ak esplwatasyon sistèm lan, pou rive wè klè nan lye transfòmasyon sosyal la. Kounye a, an nou wè kòman moun yo ta kapab wè klè ak ki kategori sosyal ki ta sipoze wè klè nan pèspektiv transfòmasyon sosyal sila.

Daprè analiz Kal Maks fè nan demach transfòmasyon sosyal la, apati deplòtonnay obsèvasyon li sou bosko sosyete oksidantal kapitalis yo, li te rive konstate gen yon klas sosyal ki mèt mwayen pwodiksyon yo. Epi, yon lòt klas k ap travay nan espas mwayen pwodiksyon sa yo. Sa ki vin fè, klas sosyal k ap koukouman anba dominasyon ak esplwatasyon an, se klas travayè a oudimwen pwoletè k ap bourike nan espas pwodiksyon yo. Sa ki vledi tou, se gwoup moun sa yo, ki pou mobilize avèk yon nivo konsyans sosyal ak politik jouk yon kwit chodyè transfòmasyon sosyal la.

Kounye a, lè nou voye kò nou bò lakay pa nou ki se Ayiti, èske nou ka fè dinamik antagonizasyon oudimwen fasafas la parèt klè konsa? Èske nou gen yon estrikti ekonomik ki rive ranmase tout moun k ap sibi anba men sistèm lan pou rive omojeneyize (met ansanm) yo sou yon sèl dominans? Savledi, si nou di n ap mobilize sèlman travayè k ap travay kay patwon yo, èske l ap sifi pou konstwi fòs chanjman ak transfòmasyon peyi a bezwen an?

Lè nou founi je gade byen eskanp figi fòmasyon peyi a, li penmèt nou idantifye yon tralye kategori sosyal k ap pote pwa dominasyon sosyal peyi a. Sitou, nan yon lojik ti bourik pote chay san li pa konnen. Okontrè, gen sila ki santi yo fyè ak konfòtab anndan sistèm lan. Nou kapab idantifye peyizan yo, ki se moun kanpay yo k ap mennen aktivite agrikilti yo plis tout lòt eleman ki marande ak li.

Pou dayè, se yonn nan pi gwo fòs mobilizasyon sosyal peyi a. Menm si, depi apre peryòd okipasyon Etazini nan lanne 1915 la, yo tante depolitize peyizànri a nan yon lojik pèmanans san kanpe. San kite santralizasyon peyi a, nan menm peryòd la, ki tou charye dèyè li, fenomèn ogzòd riral la (vin lavil) ki pral tou ponn kategori ouvriye ki se gwoup moun k ap travay nan biznis moun ki mèt mwayen pwodiksyon yo.

Apre, nou jwenn ti machann yo, ki se moun ki al achte pou revann lavil, nan mache ak pwodwi gwo biznismann gwosis, nan lojik detayan bay popilasyon an. Nou vin gen tou travayè otonòm yo, ki divize nan de soukategori ki se travayè otonòm kalifye ( gwoup sosyopwofesyonèl, tankou medsen, avoka….); epi, travayè otonòm pa kalifye (ti atizan k ap bat dlo pou fè bè). Apre sa, nou jwenn kategori tankou jèn ak fanm ki se de sektè ki mobilize yon pati nan fòs mobilizasyon peyi a, ki tou egziste oubyen fonn nan kategori nou te idantifye avan yo.

Nou mansyone yo nan lide pou fè konnen daprè estatistik, de kategori sa yo pi plis nan popilasyon ayisyen an. Yo di fanm ak jèn separeman, reprezante plis pase 50% nan popilasyon an. Epoutan, se te kategori ki sibi dominasyon sistèm lan pi rèd. Kidonk, malgre kantite nimerik yo nan popilasyon an, chema alyenasyon sosyal la fè yo rete ap koukouman anba lojik peze souse a, san rive jwenn yon mannyè pou chavire chodyè a tèt anba.

Apre tout vire tounen sa yo, nou ka ajoute nan ka Ayiti a, gen yon kategori sosyal k ap bouske libète fètefouni 1804 la ki gaye nan tout kategori nou t ap idantifye yo. Epi, yon kategori sosyal ki mare sosis yo avèk pwojè newokolonyalis ak enperyalis la pou anpeche pèp la rive nan dimansyon libète ak byennèt l ap bouske.

Boutofen, se sa k fè nan nimewo sila, nou deside vini avèk yon lojik ki ka ede moun yo wè pi klè nan pwosesis transfòmasyon sosyal ki ta dwe deklannche nan peyi a. Yon chema lespri ki jouke nan jouk lakouyizasyon politik peyi a. Ki vledi, lakou yo ta dwe baz selil mobilizasyon pou transfòmasyon sosyal peyi a. Lè nou di lakou, li pral sibi yon egstansyon pou rive transfòme tout peyi a an lakou.

Nou pati ak lide, chak grenn kay nan peyi a gen yon lakou ki ransanble fòs peyi a. Pou dayè, nou konsidere lakou a tankou yon inite sosyal ki abite nan yon espas/tan kreyolistikman, ekolojikman ak mounisman fonksyonèl pou rive marande fòs ak pouvwa sa nou wè ak sa nou pa wè yo pou rive konstwi lavi moun yo nan yon bonèt jistis, etik ak solidarite. Pou evite atik la twò long pase grenn je lalin lan, n ap divize li an de pati. Lòt pati a, ap gen pou trete oubyen deplòtonnen pwojè lakouyizasyon politik peyi a.

An n rete suiv….

Tags: AyitiIstwaKlas SosyalKreyòllidesosyete
Previous Post

Le e-commerce en Haïti : regards sur la transformation numérique

Next Post

Exode de talents : le secteur financier face à la fuite de son capital humain

James Francisque

James Francisque

Next Post
bank, finance, money-4859142.jpg

Exode de talents : le secteur financier face à la fuite de son capital humain

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026

Recent News

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED