• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Wednesday, 4 March 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Kwonik #7 (Premyè pati)/ Levye pou transfòmasyon sosyal Ayiti a: Sou nesesite pou yon idewoloji ekolojis

Kwonik # 2: Levye pou transfòme peyi Ayiti : Sou fòmasyon sosyal Ayiti a

Idewoloji ki se yon sistèm lide ki sèvi kòm kad reprezantasyon pou moun ka entèprete ak poze aksyon nan reyalite sosyal la, rete kolonn vètebral tout aksyon politik k ap poze. Kid nou konsyan, kid nou pa konsyan. Kivledi, idewoloji a, se yon limyè ki penmèt moun yo dekachte reyalite sosyal yo nan vwal yo, epi, ak mannyè pou poze zak politik yo.

Pou dayè, tout aksyon politik dwe swiv cheminman sila, ki se :
1- Yon nivo konsyans sosyal ak politik ki penmèt moun yo entèprete reyalite sosyal ak politik ki devan yo a. Epi, fikse sistèm lide k ap penmѐt li transfòme oubyen konsève reyalite a.


2- Yo kò tewori ki jouke nan sistèm lide idewolojik la pou rive mobilize lasyans ak teknoloji ki ka ede nou transfòme oubyen konsève reyalite a.


3- Yon latriye estrateji ki makònen ak ladrès ki ka penmèt moun ki konsyan sou sistèm lide idewolojik ki anprezans lan itilize pou rive ateri mòd gouvènans yo vle tabli a.


4- Yon praksi k ap penmèt nou chita sou objektif politik n ap vize a, pou gade kijan nou ka marande kò tewori yo ak reyalite tèren chak jou yo, pou gade kijan nou ka rive nan yon dimansyon konkrè swa pwosesis transfòmasyon an oubyen konsèvasyon an.


5- Yon dimansyon òganizasyon sosyal k ap penmèt dimansyon itopik ki t ap taye banda nan idewoloji pwotozoyè a ateri pou rive ranplase idewoloji dominan ki nan panse sosyal moun yo, nan lide pou oryante mòd gouvènans avan an.


Pandan n ap pale sou idewoloji ki te rantre nan peyizaj politik la nan vwazinay 18èm syèk la. Li pa p pran tan pou li te vin abite peyizaj lagoch ak ladwat la. Yon peyizaj ki te jwenn nesans li nan dinamik revolisyon fransèz la. Kote nan epòk la, te gen yon gwo wonmble wa Lafrans lan t ap òganize. Anndan wonmble politik sila, ki t ap deside sou zafè gouvènans wayal la, wa Lwi 14 te chita sou chèz boure li. Li te òdonnen tout moun ki pou li rete sou pouvwa pou kontinye kenbe menm sistèm gouvènay politik la, pou chita adwat li. Epi, tout moun ki vle revolisyon pou rive chanje radikalman sistèm gouvènans ki anplas la, chita agoch li.

Kidonk, depi lò sa, tout lide ak gwoup moun k ap bouske lide pou transfòme reyalite sosyal, politik, kiltirèl ak ekonomik ki gen la, yo konsidere yo tankou moun lagoch. Epi, tout moun ki vle konsève sistèm ki anplas la, yo konsidere yo tankou moun ladwat. Premye remak pou nou fè, moun ki te lagoch nan kad batay pou chanje sistèm wayal la, se yo menm ki vin ladwat konsèvatè pou konsève sistèm boujwazi, kapitalis ak enperyalis yo tabli a. Kivledi, pozisyon idewolojik la se yon demach kaliko ki ka chanje koulè nenpòt ki moman. Tandiske, moun k ap sibi dominasyon ak esplwatasyon sistèm nou sot site la yo, se yo menm ki vin jwe wòl majonjò lagoch k ap goumen pou demantibile sistèm peze souse sila.

Kidonk, gwoup moun ladwat moman an, se gwoup moun k ap pote kole ak sistèm kapitalis ak enperyalis k ap taye banda la, nan lide pou defann enterè yo. Moun lagoch yo menm, se moun ki ala majorite chita sou itopi sosyalis ak kominis k ap pwente nan literati syantifik transfòmasyon sosyal peyi yo. Gen sila ki konsidere tèt yo tankou maksis tou.

Maksis yo se gwoup moun ki wè tèt yo nan mannyè filozòf Kal Maks te chita larèl lide li yo. Yon larèl lide ki te chita sou yon apwòch materyalis istorik. Li kwè se kondisyon sosyal moun yo ki detèminen konsyans egzistansyèl yo. Kivledi, pa gen yon fatalite nan sa y ap viv chak jou yo. Sa ki ta vle fè kwè, se jan klas dominan panse eskanp figi lavi a, ki pral detèminen pratik lavi moun yo chak jou.

Se sou eleman kontradiksyon sa yo menm pou nou chita pou transfòme reyalite sosyal la. Kikonk, Maks chita sou demach sa pou li di, moun yo vin sibi oubyen ap kankannen anba yon flanm alyenasyon sosyal. Kivledi, gen yon vwal k ap vegle je yo pou fè yo konprann sa y ap viv la, se komsi se volonte lanati oubyen Bondye. Alòske, se yon sistèm ki tabli anfonksyon klas sosyal dominan ki posede mwayen pwodiksyon oubyen richès sosyete a. Kidonk, Maks envite n soti nan chema alyenasyon sosyal sa, pou kanpe yon lide ki ka penmèt klas ki t ap domine yo, vin kontwole sistèm lan pou poze reyalite sosyal ak politik la nan limit enterè klas pa yo a.

Sa pou nou siyale, limit sila, pa siveye si moun yo oubyen klas domine sa, ap tonbe nan yon lòt fòm alyenasyon. Kidonk, batay la, vin pa pou soti moun nan alyenasyon sosyal. Men, sitou, soti moun nan alyenasyon sosyal gwoup dominan. Se dimansyon pwoblematik sila menm ki penmèt aprè tout batay idewolojik ant lagoch ak ladwat ki tanmen nan 20 tyèm syèk la, nou vin tonbe nan sa yo rele yon kriz idewolojik. Kote moun k ap reflechi tonbe di, ta sanble ni idewoloji ladwat, ni idewoloji lagoch pa penmèt nou rive soti nan sitiyasyon katyouboumbe nou ye nan monde lan.

Se pou rezon sila anpil moun k ap reflechi sou koze idewoloji, nan fen 20tyèm syèk la, kòmanse mande tèt yo, èske idewoloji ki ta sipoze dominan kòm nouvo paradig, se yon idewoloji ekolojis? Mo ekoloji a etimolojikman soti nan “ekos, abita; epi, logos, etid”, ki vledi etid sou abita ki rann lavi posib. Konsèp sila, pran nesans nan lanne 1866 avèk Ernst Haeckel, nan pèspektiv pou konstwi yon totalite syans ki tabli relasyon nan mitan òganis yo, apati anviwònman yo pou rive konprann nan yon dimansyon laj kondisyon egzistans yo.

Sou menm demach sila, yo vin konprann dimansyon lavi a degrade. Epi, yonn nan eleman ki degrade lavi a, se moun. Se nan menm demach sa, Feliks Gwatari pale sou prensip ekozofi li a, pou gade avèk ki sajès moun yo abite latè.

Chak nivo sajès ki abite w, ap detèminen ki rapò ou deplòtonnen avèk anviwònman fizik plis sosyal la. Pou dayè, akòz moun yo chape anba kondisyònman natirèl ki ta dwe défini baz egzistansyèl yo, yo tonbe degrade tèt yo ak tout rès baz lavi a. Kidonk, premye eleman alyenasyon k ap mennen moun yo, se pa alyenasyon sosyal gwoup dominan yo. Men, se alyenasyon kosmik lan, sou baz ekoloji pwofondè a ki ap deplòtonnen apati kondisyònman natirèl lavi a.

Se rezon sa menm ki fè moun yo panse li enpòtan pou nou repanse baz idewoloji politik k ap mennen lavi a. Sitou nan lide pou chita li sou idewoloji ekolojis la. Sitou, yon ekoloji pwofondè k ap gade mak fabrik ki kanpe kondisyònman sosyal moun yo, nan yon chema MUNTU a ki ka soti nou nan tout fòm alyenasyon.

Pou dayè, depi nan batay pou lendepandans peyi a, sitou nan seremoni bwa kayiman, baz idewoloji sila te gentan kanpe. Boukmann te gentan ap denonse alyenasyon kosmik ak espirityèl kolon blan yo te vle tabli a, pou rive kanpe yon dimansyon konsyans ki chita sou libète toudinpyès lavi a. Sonje li te di nou, fòk nou koute libète ki nan nou an. Kivledi, se pou nou koute entelijans ak limyè kosmik ki nan nou an, pou soti nou nan tout fòm alyenasyon ki ka anpeche nou aji nan dimansyon grandèt lavi a. Kidonk, idewoloji ekolojis la, se nan kafou larèl lide sa li joule pou gade pèspektiv lavi moun yo.

Men, nan sousi pou nou pa twò long, n ap kite nou nan idewoloji ekolojis la pou deplòtonnen nan yon lòt atik, k ap fè toujou pati kwonik #7 la. N ap kanpe la. N ap tounen….

Tags: AyitiEkolojiLide ak opinyonsosyete
Previous Post

“Platfòm Koze Gab” : yon mwa fòmasyon sou règ ak ekriti kreyòl

Next Post

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

James Francisque

James Francisque

Next Post
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

03/03/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

03/03/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

03/03/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

03/03/2026

Recent News

Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

03/03/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

03/03/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

03/03/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

03/03/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED