• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, 16 January 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Senbolis Bwa Kayiman An Pou Gide N Jounen Jodi A

Senbolis Bwa Kayiman An Pou Gide N Jounen Jodi A

14 Dawou 1791 se youn nan dat ki gen plis siyifikasyon nan listwa kreyasyon Pèp Ayisyen an. Se apati limenm ti patat fè chay ki t ap al charye lòd mondyal kolonyalis la. Jounen jodi a, kouman senbolis Bwa Kayiman an kapab klere chimen Pèp Ayisyen an nan moman fènwa l yo? Yon kesyon Journal La Ruche pral tante reponn apre yon ti chita pale ak nèg djougan Kalbas Ayiti a, James Francisque.

Pise gaye pa kimen ! Konsa tou, yon sèl dwèt pa t ap janm manje kalalou blan franse a.

Pandan plis 300 lane prezans blan ewopeyen yo sou ti bout tè sila a, anpil san koule. Pèsonn p ap ka konte konbyen lavi moun ki twoke kont moso lò osinon ji kann, ni konprann valè soufrans de sivilizasyon diferan sibi pandan tan sa a.

Pami tout wonmble politik, tout leve kanpe, tout geriya osinon batay ki mennen pou rive libere pèp sila a nan lesklavaj ak restavèk blan ewopeyen yo, Bwa Kayiman se youn nan pi enpòtan yo, yon kokennchenn senbòl ki montre pa gen anyen volonte moun p ap ka fè lè n deside mare fòs nou ansanm.

Pou yon moun tankou James Francisque, respè pou li, Bwa Kayiman, se « testaman, Ak fondasyon Nachon Ayisyen an ». Nan ti chita pale li te genyen avèk sal redaksyon jounal sila a, li eksplike pou li di Seremoni Bwa Kayiman an, anpil moun rele tou Bwa Kay Imam nan, se limenm ki bati « egregò peyi a », nan lide pou « kanpe yon pwojè mounite inivèsèl ».

Palan de James Francisque, pou sila ki pa konnen pèsonaj la, se yon jenn gason ki fèt e ki leve nan lakou Tòbèk. Anplis yon gwo patizan lide Bwawon-Tonè yo, li se yon ekonomis, jounalis, militan kiltirèl ak ekolojis, epi filozòf ki ap reflechi sou nannan kiltirèl Pèp Ayisyen an. Li se pòt banyè yon liy filozofik li batize « Kreyolis Demateryalis Sentetik ». Pou oumenm ki ta renmen konnen plis sou sijè sila a, chache jete yon kout je sou « Manifès Kreyolis », youn nan liv misye ekri.

Depi plis pase 10 lanne, yon òganizasyon ki gen pou non Kalbas Ayiti, te kreye avèk lide pou li « penmèt tout pèp Ayisyen ak rès monn lan pran konsyans sou enpòtans kilti popilè pwofon Pèp Ayisyen an, nan lide pou li kapab ranmase kilti li ak memwa li ». Se nan òganizasyon sila a James Francisque limen ponya li, seye l, epi mache toupatou nan peyi a, pou l ap pale koze liberasyon nanm Pèp Ayisyen an.

Bwa Kayiman, Libète

Rive fè lide pou kanpe pwojè mounite inivèsèl la apre tout syèk lesklavaj yo pa t yon ti koze piti, e li pa t ap ka ateri avèk kout zam rebelyon sèlman. Jan pwovèb la di a, mennen koulèv lekòl se youn, men fè l chita a se yon lòt. Sa se pou di, soti anba chenn lesklavaj la se pati materyèl batay la, men yon lòt eleman ki pa mwens enpòtan, se rive fè chak grenn endividi pran konsyans mounite yo, epi reveye dimansyon konsyans yo. E Bwa Kayiman, se sa li te akouche.

« Bwa kayiman reprezante pi gwo sit istorik nan batay pou mounite inivèsèl Pèp Ayisyen an. Tout batay Pèp Ayisyen an chita sou ki mannyè pou yo jouke libète nan lavi yo. Epoutan, se nan Bwa kayiman menm, atravè mesaj Boukmann ak Sesil Fatima a, nou te jwenn fòmil pou akouche libète a. Pèp Ayisyen rete pèp majòjon nan bouske libète sou latè. » – James Francisque

Si nou remonte jiska youn nan sèl moso pawòl ki rete sou sa ki te di pandan Wonmble sila a, n ap rive konprann kouman chache chimen libète se te premyè objektif li. Avèk pawòl sila a, sit Bwa Kayiman an, nou kapab di lib e libè, menmjan ak James Francisque, se « espas egregò ki santre enèji libète a pi fon sou tè a ».

Annou reviv ansanm Lapriyè Boukmann:

« O Bondje ki fè sole
Ki klere nou anwo,
Ki soulve lanmè,
Ki fè loray gwonde,
Bondje Lazòt tande,
Li kache nan nyay,
Li la li gade nou,
Li wè tout sa blan an fè.
 
Bondje blan an mande krim,
E pa nou vle byen fè.
Men Dje pa nou an ki si bon,
òdonnen nou vanjans.
Li va kondui nou,
Li va bannou asistans.
 
Jete pòtre Dje blan an
Ki swaf dlo nan je nou.
Koute Lalibète ki nan kè nou ».

Lakilti Pou Rasanble

Rive jwenn yon solisyon ak gwo male ki pandje sou tèt peyi a depi 1806 pou rive jouk jounen jodi a pa sanble yon bagay ki fasil. Apre zak sasinay sou Lanperè a, jwèt chen manje chen, arivis touttivis, pa sispann fèt nan espas piblik ayisyen an. Men pou anpil moun, pami yo James Franciske, nou sipoze retounen nan senbolis Bwa Kayiman an, ki se chimen zansèt yo te trase, pou nou reprann wout nou. Poutan, menmsi sa parèt klè, li pa fasil pou sa.

James Francique ap eksplike : « Pou nou rejwenn chimen zansèt nou yo, nou dwe rejouke nou nan kilti popilè pwofon pèp la. Se lye eritak ak imajinè kolektif zansèt nou yo kite pou nou. Nou chak se yon eritye. Men, mòd konstriksyon sosyal nou genyen an anpeche nou mare zanmitay seresere avèk eritay zansèt yo kite pou nou an ».

Anpil moun jounen jodi a, san site Bwa Kayiman dirèkteman, kontinye pale de yon womble kou sèl bagay ki ka ride n defini yon solisyon. Genyen ki rele l Konferans Nasyonal Souvrèn, zòt te rele l Etajenewo Sektoryèl Nanchon an.

Poutan, pou James Francisque, chimen an ta sanble se nan konstriksyon sosyal li ye, nan reaprann konnen kisa ki Ayisyen, enpi tounen Ayisyen an toutbon, nan tout sans li. Se konsa, li di, « nan sans sa a, nou dwe dabò, konprann kilti ak memwa nou. Epi, gade kijan, yo ka ede nou vanse, nan pote inovasyon moman egzije san nou pa denatire etitaj zansèt yo ».

Bwa Kayiman : Ant Konsèvasyon ak Modènite, Akouche Kreyolis

Nan mitan 21nyèm syèk sa a, si nou onèt ak tèt nou, li difisil pou nou rive imajine yon Pèp Ayisyen ki retounen a sanpousan nan chema istorik li te trase nan fen 18tyèm syèk la, sitou anba enfliyans mondyalizasyon an. Menmjan an tou, okenn solisyon pa sanble ap vini si n pote boure san gad dèyè nan demanch mondyalis la.

Dapre James Francisque, nannan kiltirèl Pèp Ayisyen an tou mache ak yon chema refleksyon ki montre nou wout pou nou pran. Idantite Pèp Ayisyen an kreye apati eritaj twa sivilizasyon depaman ki kontre pou akouche yon bagay ki pa ni fig, ni rezen. Se eritaj Tayinos yo, marande ak sivilizasyon Afriken yo, plis enfliyans Loksidan, ki mete ansanm pou akouche sa nou konnen ki Ayiti, Ayisyen jounen jodi a. Se melanj twa bagay sila yo ki kreye larèl kiltirèl pèp la.

Mòd panse sa a rejwenn fil lide filozòf Edouard Glissant, respè pou li, ki teyorize sou Kreyolizasyon. Mouvans Kreyolis la, ki chita kò l nan menm liy panse a, kwè limenm seremoni Bwa Kayiman an kreye ADN Pèp Ayisyen an. E menmjan ak Kreyolizasyon, panse Kreyolis la aksepte lide pou mache al rankontre rès monn lan, nan lojik tout moun se moun, menmsi tout moun pa menm. Sa ki vle di, tout pandan n ap anrichi Kreyolite nou ak eleman nouvo ki pozitif mondyalizasyon an pote, nou sipoze rete mèt tèt nou, e evite dekiltirasyon nou.

Pou fini, James Francisque bay lide pa l sou konpòtman Ayiti ta dwe afiche nan lojik sila a.

« Nan 21èm syèk sa, nou ta dwe gen yon doub atitid. Nan yon premye nivo, nou dwe travay sou kilti nou, memwa nou ak tradisyon nou pou gade kisa n ap konsève anfonksyon sa n ap bouske kòm misyon istorik, ki se sitou libѐte ontolojik la. Epi, nou dwe alafwa sèvi avèk mondyalizasyon an pou marande li avèk kilti lòt pèp yo, pandan n ap tou vann kilti pa nou, nan yon demach divèsite kiltirèl. » – James Francisque
Tags: AyitiKonsyansKoze PeyikreyolisLakiltiLibèteMounitesosyete
Previous Post

« On ne vit pas sans se dire adieu » de Mireille Mathieu : Un hymne à la vie et à l’existence

Next Post

Lancement de Mc Kencie Clos’être : La mode et le bien-être réunis en un seul événement

Clovesky Andre Gerald Pierre

Clovesky Andre Gerald Pierre

Next Post
Lancement de Mc Kencie Clos’être : La mode et le bien-être réunis en un seul événement

Lancement de Mc Kencie Clos’être : La mode et le bien-être réunis en un seul événement

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026

Recent News

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED