• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, 16 January 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

POLITOLÒG MODELET FERTIL MANDE LETA VOYE ZYE SOU MOUN NÒDWÈS APRÈ YO TE VIKTIM ANBA GWO INONDASYON MWA DESANM PASE A

POLITOLÒG MODELET FERTIL MANDE LETA VOYE ZYE SOU MOUN NÒDWÈS APRÈ YO TE VIKTIM ANBA GWO INONDASYON MWA DESANM PASE A

Sitiyasyon moun ki te viktim inondasyon nan depatman Nòdwès la parèt pi konplike yon mwa aprè.

Nan lanwit 22 pou rive 23 desanm 2024 yon gwo lapli te tonbe sou tout depatman Nòdwès sa ki ta pwal lakoz gwo inondasyon nan plizyè komin nan depatman an tankou : Port -de -Paix, Saint Louis du Nord , Anse-à-Foleur, Chansolme ak Jean-Rabel. Te gen anviwon 13 moun mouri pami yo 7 fanm ak tifi epi 6 gason, plizyè dizèn kay ak biznis inonde, te genyen lòt ki kraze nèt, majorite wout ki relye komin yo koupe, anpil bèt peyizan yo mouri, jaden menm se pa pale daprè sa direktris  MCFDF la fè konnen nan yon rapò li drese, gen anviwon 1050 moun ki te oblije deplase al viv nan kèk abri provizwa aprè dlo te fin inonde lakay yo.

Pami moun sa yo gen granmoun, timoun, fanm ansent tankou andikape, malgre plizyè rankont ki te fèt antre diferan otorite nan vil yo sitou nan Pòdepè akonpagnye sekretè deta kolektivite teritoryal yo, M. Patrick Sully Joseph  pou gade nan ki nivo leta santral te ka akonpagnye popilasyon Nòdwès la ki viktim swit ak inondasyon an, ebyen jiska prezan viktim yo pa janm jwenn akonpanyeman leta santral andeyò de kèlke kit direksyon ministè kondisyon fanm Nòdwès la ak mèri a te distribye bay nan kèk abri san n pa bliye proteksyon sivil te bay kèlke sak diri nan kèk abri. Men problèm reyèl yo rete san touche, pòdepè rete yon vil ki pa janm gen bon drenaj ki fèt ladanl.

Politològ Fertil Modelet ki se pitit otantik Nòdwès ap mande dirijan nan gouvènman an pou fè prèv yo etanke responsab, yon mwa aprè gwo inondasyon sa a nan depatman an ki koute lavi pou piti 13 pitit Nòdwès, ankenn travay pa janm fèt nan kanal yo ki bouche, ankenn pase men pa fèt nan wout yo ki koupe, anyen pa fèt nan pye plizyè pon ki andomaje ki reprezante yon lòt gwo menas pou lavi abitan nan depatman an.

Jounalis la mande pou leta aji rapid vit pou ede plizyè dizèn moun ki dekapitalize, timoun ki viktim yo pako ka  repran chimen lekòl paske yo pèdi tout sa yo te genyen swit ak gwo inondasyon sa a ki te frape depatman Nòdwès la. Richès peyizan an se zannimo yo ak jaden yo, jodi a moun yo pèdi tout, yo lage 2 bwa balanse ,viktim yo ap mande leta sipò pou

yo ka rekanpe epi kontinye viv lavi a.

Politològ la mande dirijan yo trete tout moun menm jan, Nòdwès se yon depatman tankou tout lòt depatman, li fè pati peyi a, dirijan yo dwe pitit Nòdwès tout sipò ka yo merite nan tout moman sitou lè yo viktim anba katastròf natirèl. Nòdwès pa ka kontinye ap trete an paranpov paske l se yon depatman istorik, touristik ak mistik e l fè pati depatman ki fè peyi a. Li merite pi bon tretman mesye dirijan yo.

Modelet Fertil

Tags: AyitiDevlopmanKolektiviteNòdwèsPolitik
Previous Post

La deuxième édition du « Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti » arrive.

Next Post

Incompatibilité de caractère : Jackson Jean et Snyre Charles se sont séparés à l’amiable et dans le respect mutuel

La Rédaction

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

Haïti : plus de 5,7 millions de personnes en situation d’insécurité alimentaire aiguë, selon la CNSA

16/01/2026
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026

Recent News

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre