Depi prèske yon deseni, e espesyalman 3 dènye ane sa yo, gen yon bann mo ak nouvo estil jèn Annayiti yo pa sispann adopte. Pami tèm oubyen estil sa yo, nou jwenn thug epi drip. Men kisa yo ye? Ki kote yo sòti? Kiyès ki plis itilize yo? Epi ki rapò yo genyen ak kilti peyi a? Ansanm kesyon yo pouse nou fouye plis sou yo pou rive konnen kote yo sòti, pa ki mwayen yo rive rapid konsa sou nou epi rapò yo genyen ak kilti peyi a.
Orijin ak sans mo thug epi drip
Thug: se yon mo angle polisemik, sa vle di li gen plizyè sans, Orthodidacte dictionaire defini mo sa tankou sinonim ak mo bandi, gang oubyen vye gason (badboy). Li pran sans ki kontrè ak « lavi fasil » nan lang fransè. Dapre sa menm diksyonè sa di ; mo thug la ka vle dekri tou, lavi yon moun ki pa fasil. Nan sans sa, yon thug se yon moun ki pase anpil moman difisi nan lavi l. Toutfwa, mo thug la pran yon plizyè sans nan lang kreyol la e karakterize l pa yon bann eleman. Li pa limite l ak yon senp mo, men tout yon tandans, ki gen deviz li, abiman l, mizik li epi piblik li tou.
Annayiti, yon thug pa vle di bandi dirèkteman men se yon nèg ki diferan epi ki adopte yon ansanm mòd. Nou mal pou ba yo yon definisyon dirèk, men nou ka eseye ba w eleman ki karakterize yo. Daprè anpil videyo ki piliye sou entènèt la, yon thug pa nan pale anpil ak moun, thug la pa nan pèdi tan pale fransè, li dwe pale gaye e jan l jwenn, kidonk thug la pa yon entelektyèl. Se sak fè thug la pa nan swiv kou literati epi l pa bezwen gwo mwayèn lekòl, yon 5 sifi. Yon bon thug pa danse kole ak koze omoseksyalite, si nou pran pawòl pastè pas, pa bo isit masisi pa renye, bon thug pa nan koze sa. Gen moun ki konn al pi lwen pou di thug pa kriye e menm di bon thug pa bwose bouch yo. Konsa tou thug la se yon nèg ki pafwa lwayal anpil, nan sans sa ki pap trayi baz li.
Men, kesyon thug la pa limite l sèlman ak eleman sa yo, men yo gen tandans mizikal yo swiv. Anfèt, thug yo pa tande mizik slow tankou chansonèt, yo pa chita nan koze pwezi ak literati. Men se gwo bout mizik di tankou rap, yo tande kèk atis Ameriken, menmsi pafwa yo pa konprann sa k ap di an anglè epi dwil ak rabòday, sitou nèg tankou bourik ki souvan preche vyolans.
Thug yo tou gen fason yo abiye, yo pa nan met ti rad legliz, men pito yon seri jeans chire, sandal epi bay anpil valè ak mak tenis, mayo, valiz e menm boksè.
Nan nivo relasyon, thug la pa gen santiman, se la ekspresyon thug pa konn damou an soti. Yo pa nan pran tan ekri lèt, ni resite powèm, chat la pou w ba yo.
Pou n fini, se yon mo ki gen anpil sans e ki pa sispann evolye, e majorite tijèn ant 14 a 22 lane reklame tèt yo tankou yon thug et souvan fwa yo itlize yon lot tèm pwòch ki se Djee.
Drip
Kote pa l, drip la fè referans ak yon ansanm estil oubyen abiman ki alamòd, ke w sitou jwenn nan vil epi se yn seri estil ki vann chè oubyen koute anpil kòb. Nan sans sa, yon moun ki nan koze drip ke yo rele driper. Se yon moun ki ap fe drip oubyen nan tèm ayisyen an pase drip, nan sans kote l ap met yon seri rad ki koute epi a la mòd. Nan peyi dayiti, li prèske pran menm sans lan, se lè jèn yo achte rad ki ap mennen epi ki vann chè epi mete yo. Nan pase drip, yon met an valè yon seri mòd rad ke anpil atis renmen mete, yon seri gwo mak tenis ak sandal e menm souvètman tankou boksè an valè. Yo tèlman bay yon gran plas ak drip yo, gen yon atis ki te chante, pile madanm mwen, men pa pile tenis mwen. An gwo, li karakterize yon bann mòd abiman ak anpil konsepsyon.
Ki kategori moun ki thug ak driper? Kiyès ki benefisye l?
Jan nou te di l depi nan kòmansman, tèm sa yo se yon ansanm nouvote e donk yo itilize pa jèn yo an majorite e ou jwenn kèk granmoun sou rezo yo ki ap eseye adopte l tou. Tandans sa yo evolye sitou ak rezo sosyal yo avèk yon seri enfliyansè epi atis. Li pran tout evolisyon l sitou ak eslogan ki di : “440 Jou depi drip ap mennen, siw pa drip al anba”. Men menm jan gen yon kategori moun ki ede l fè wout li, gen yon lòt kategori ki adopte l tou. E kategori sa se majoritèman tijèn gason ak fanm. Nou jwenn majorite tijèn sa yo sitou nan katye pòv yo epitou avèk moun ki nan kesyon gang. Bizaman, majorite moun ki adopte estil sa yo p ap menm travay epi paran yo pa gen mwayen. Ou ta mande tèt ou kote yon jèn gason ki pa menm ka manje pafwa e ki p ap travay ka achte yon tenis pou 5000 goud? Jèn sa yo souvan fwa yo prè pou fè tout sakrifis jis pou mete yon boksè ki chè pou rive nan lòt rad tankou pantalon, mayo ak tenis. Epi ou ta mande ou : Poukisa se pa moun ki kapab yo vrèman ki fè foli pou koze sa yo? Epi èske pa gen yon sòt de valorizasyon kesyon materyèl ak fizik tou ? Pou n pi klè, sa je ka wè sou sa ki nan tèt?
Pou kesyon moun ki benefisye koze sila, nou ka mal pou di yo, men se yon bagay tout moun ka wè, li pèmèt anpil mak rad mennen oubyen machann fè kòb, avèk anvi jèn yo genyen pou achte, li favorize anpil enflyansè, atis ak anpil lòt kategori ki mande yon travay pi pwofon.
Rapò thug, drip ak kilti peyi nou
Kilti se nanm yon pèp, li gen rapò ak koutim, mès, mizik, abiman, fason w pale ak manje, elatriye. Nan sans sa, èske tandans sa yo pa gen konsekans sou kilti nou kòm pèp ?
Nan pwen sa n ap pati ak lide sou enpak ak gwo konsekans pratik sa a gen sou kilti nou paske li touche yon kantite eleman kiltirèl nou. Pa egzanp, thug la ki ap pase drip pa mete rad ki gen rapò ak kilti peyi a, byen ke anpil Ayisyen pa mete rad pa nou men li menm li ogmante l. Pou majorite, se swa pèpè ki soti lòtbò dlo oubyen mak rad ki soti nan lòt peyi tankou Gucci, Puma, Adidas, etc. Nan kesyon koutim ak mès, thug yo pa fè anyen ki gen pou wè ak koutim nou, soti nan fason yo pale, jwèt ke yo fè, fason yo wè fanm ak lekòl, mizik yo tande etc. Pa egzanp lontan yon gason te konn al promenen ak yon fi, soti avè l, ekri l anvan yo renmen, jodia thug la jis mande yon kraze epi relasyon yo pa gen menm sans lan « thug pa damou ».
Nou ka remake yon devalorizasyon pou fanm, lekòl ak abiman ak koutim peyi a. Ou gen mal pou retrouve Ayisyen an anndan thug la, nan fason l fonksyone. Thug ak drip la gen enpak sou vizyon jèn yo ki lontan te nan slam, konpa ou mizik rasin, ki kounya nan dril e ki lage nan chante vyolans. Epi byenke sa plis enfliyanse pa teknoloji a, thug la ak jèn ayisyen dantan pa menm, li pase tout tan l sou facebook ak tiktok, nan poste foto ak tikal pantalon sere epi nan montre ki boksè li mete, de bagay ki te parèt mal lontan men jodia ki vin ala mòd, tankou gason k ap met tikal pantalon, pantalon fanm oubyen pantalon chire oubyen fi k ap mache san soutien ak tout lonbrik yo deyò…
Anpil lòt eleman nou pa site ka montre ki enpak osinon konsekans tandans sa yo gen sou kilti peyi a, kote jèn yo ap sispann yo menm, sispann ayisyen pou atache yo ak yon bann tandans ki soti lòt kote.
Men èske yo pa gen lòt konsekans?
Lòt konsekans tandans sa yo pote :
Tandans sa yo gen anpil lòt konsekans sou jèn nou yo tankou:
Fason yo wè lekòl ak edikasyon: thug la pa bay tròp enpòtans ak konesans vrèman paske l ka pale jan l vle epi majorite moun ki modèl yo sou rezo a pa renmen fòmasyon ak enstriksyon, sa ki bese nivo edikatif jèn nou yo, ki sitou pa konn pale.
Fason yo wè fanm ak gason : thug yo souvan wè fanm mal, majorite mizik yo fè l tounen tankou yon eleman ki la pou bay plezi, yo manke ba yo atansyon epi mennen yo nan vye chimen. Yo pa pè dénigre medam yo, e pafwa pibliye foto konfidansyèl yo elatriye. E se menm bgy pou fanm ki thug yo, yo renmen gason ki thug epi g on bann koze ki pa entèrese yo vrèman tankou prezève vijinite yo oubyen imaj yo, nan sans ke yo pa pè pataje nenpòt imaj sou pati kò yo ki ta dwe konfidansyèl. Yo pa twò anafè ak nèg ki twò sou lekòl men moun ki ka sòti mennen yo pran plezi, etc.
Move chwa: Thug yo souvan fimen menm si yo jèn, bwè anpil tafya epi frekante moun sosyete a konsidere kòm devyan yo. Sitou pou medam yo ki jodia depi nan 14 lane gentan anafè ak jan de moun sa yo. Thug yo, pou yo pase drip pandan yo souvan pa gen kòb, konn al fè vye koze pou sa. Dapre pawòl k ap pale, ta sanble anpil ti jèn lage nan omoseksyalite pou tenis ak lòt rad, oubyen mak telefòn, ou byen antre nan move bagay. Pou w byen konprann sa, ou ka wè majorite kategori moun sila yo, renmen montre machin, ak mak rad yo mete, espesyalman Gucci.
Avni nan fènwa, tout bagay sa yo fè avni jèn sa yo prèske pèdi avan yo menm kòmanse viv, paske se souvan nan ta yo vin konprann reyalite a e ki souvan two ta pou yo.
Poun fini, thug ak drip ki se yon seri tandans etranje ke jèn nou yo adopte dènye tan sa yo, ki pran sans pa yo nan peyi a e touche majorite jèn nou yo. Tandans sa yo gen anpil konsekans negatif menm jan w ap jwenn pozitif tou. Konsekans yo sitou touche kilti nou, vale ledikasyon, fason yo wè fanm ak fanmi, mizik yo konsome oubyen sou avni jèn yo.
Ki kote sa ap rive? Ki sa leta dwe fè ? Èske jèn yo dwe kontinye sou menm liy sa yo? Pa gen bouch pou poze kesyon! Yon sèl bagay ki sèten, okenn thug ak driper p ap pran tan li tout atik sa a.













