Vandredi 5 desanm 2025, nan kad yon inisyativ pou li selebre lang ak kilti kreyòl, Klèb Asòtò te òganize yon seremoni omaj pou salye angajman ak kontribisyon Jean Dorcély Dede nan devlopman lang ak kilti kreyòl la. Aktivite sila ki te fèt nan Bibliyotèk Michel Tardieu, nan Petyonvil, te rasanble anpil pèsonalite kiltirèl, jèn, ak militan pou lang manman nou an.
Klèb Asòtò, se yon òganizasyon sosyokiltirèl ki pran angajman pou etidye sosyete ayisyèn nan, istwa li, imajinè li ak dinamik sosyal li yo. Travay klèb la se miltipliye refleksyon sou Ayiti, epi ankouraje yon mounite ki pran rasin nan reyalite peyi a. Anbisyon yo se patisipe ansanm ak lòt enstitisyon nan mete sou pye yon filozofi ayisyèn ki byen estriktire : yon kad panse ki kapab eksprime eritaj ayiyen an, kontradiksyon li ak aspirasyon kolektif yo.
Se nan lojik sila a, nan apremidi 5 desanm 2025 lan, Klèb Asòtò te deside selebre lang ak kilti kreyòl ayisyen an, tou pandan l ap rann yon omaj san parèy ak yon sitwayen ki travay anpil pou avansman lang ak kilti kreyòl Annayiti, Jean Dorcely.
Jean Dorcely, anpil moun konnen sou non Samba Dede, se yon nonm ki makonnen angajman, kreyativite ak pasyon pou sèvi peyi li. Yo rekonèt li kòm ekriven, powèt, aktè, pent, e li se fondatè branch Sosyete Koukouy Santo (Ayiti), depi 1996, aprè li te fin pase plizyè lanne nan legzil nan peyi tonton Sam.
Samba Dede pa janm sispann travay pou avansman literati ak oraliti kreyòl la. Li se kreyatè fòm pwezi Zwing, yon inovasyon ki mete kreyòl la sou yon lòt nivo literè, e ki montre jefò li pou elaji frontyè ekspresyon lang lan. Dede, se tou otè plizyè liv nan kategori woman, pwezi ak nouvèl. Li pibliye deja plis pase 22 liv pami prensipal zèv li yo, nou jwenn:
– Ofeliz
– Ponyen Sèl
– Apye pou Meksiko
– Zwing, elatriye.
Chak zèv pote siyati angajman li pou defann valè kreyòl la epi rakonte reyalite pèp la ak onètete, imajinasyon, ak kouraj.
Malgre 84 rekòt kafe li gen sou tèt li, Jean Dorcely Dede kontinye ap bay kou teyat, adramati ak atizay pou byen pale, atravè Sant Kiltirèl Dede Dorcely, ki chita anba galeri lakay li nan santo. Nan kontèks ensekirite tèt chaje sa a, se youn nan ra espas ki disponib nan laplèn dikildesak pou pataje konesans ak limen flanm rezistans lan nan jenerasyon k ap monte yo.
Seremoni omaj sa a te plis pase yon aktivite se te yon vibrasyon rekonesans pou yon gwo pèsonaj ki make epòk li, epi ki kontinye enspire.
Dede Dorcely, se modèl vivan yon entelektyèl ki sèvi ak lespri l pou bay pèp li limyè.














Yon bèl kout plim