• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Monday, 2 March 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Dechouke lanfè sou latè: lespwa dèyè baryè

Dechouke lanfè sou latè: lespwa dèyè baryè

Foto: Kit Media

Yon listwa ki pran fòs li nan animozite prizonye fanm yo ap kontre nan penitansye nasyonal, Dechouke lanfè sou latè se yon zèv ki chita sou yon reyalite, ki pran yon sèn pou bay jarèt yon verite ki santi kri.

Pyès sila a se yon pwojè Asosyasyon Kat Chemen ak Avoka San fwontyè Canada an kolaborasyon ak Cie Hors-Temps ki gen ladan li Fevrier Gertrude Hugh, Schneiderson René, Kav-Alye Pierre ak Jasmine Augustin te lanse pou mete limyè sou kalte atwòsite ki genyen nan prizon pou fanm yo nan peyi a. Pou  mete aklè move kondisyon lavi,  yon seri moun ap viv nan peyi a epi denonse zak enjistis ak tizonnay ki ap pase andan prizon yo. E depi 2021 jiska 2023, pyès sa a pa sispann jwe ak tounen nan peyi a.

Zèv sa a lote istwa lavi medam yo pyès pa pyès, li twadui soufrans yo pandan li pran plas li nan lavi tout moun. Li pale fò, rakonte ak enflije piblik la sò medam yo, dayè ki lang ki egziste pou twadwi soufrans pi byen sinon pwòp kò nou?

Foto: Kit Media

Sòti nan konstriksyon pyès la, nan dispozitif senografik la, jan reyalizatè yo te deside mete piblik la chita a, yo te pataje yon enkonfò, osinon yon volonte pou espektatè a pa santi se nan yon senp espektak li vini men nan yon pèfòmans ki kreye pou chanboule l ak ede l reflechi sou reyalite sa ki nan peyi a.

Espiral chèz yo fè a, entèprèt yo k ap bouje ladann lan, kreye imaj kaj la. Kote istwa chak entèprèt pote nan yon vwa san vi ak koulè, nan yon kò san nanm ak nan kèk mouvman. Se yon envitasyon pou espektatè a rantre nan yon mond sansib, danjere men ki nesesè pou yo ka rive konprann kalte doulè fanm sa yo ap pote nan kò yo.

Pyès sa se yon pwosè piblik ki dire 45 minit ki mete komedyen yo devan epi espektatè yo dèyè pou y al reklame pi bon kondisyon lavi  pandan y ap denonse avèk anpil tak kriyote k ap pran chè nan sant detansyon yo Annayiti. Pyès sila jwe ak 13 moun plis pase 20 fwa sou teritwa nasyonal la, e nan 13 moun sa yo gen ansyen detni fanm ak komedyen pwofesyonèl.

Chak fwa komedyen sa yo sou sèn, pou jan yo manyen pwoblèm lan, yo toujou rive konsyantize tout moun espesyalman sosyete sivil la. Dechouke lanfè sou latè jwe kote ki gen moun k ap travay osnon ki pral travay, nan chèn lajistis nan peyi a: nan plizyè fakilte dwa, devan tribinal.

Pyès sa pa yon senp teyat ki la pou fè moun ri men premye misyon l se enfome ak edike espektakè yo sou tretman prizonye fanm yo, dayè aprè chak pèfomans toujou gen konferans sou tematik detansyon, ak kondisyon lavi nan prizon Annayiti kote avoka, jij, militan dwa moun yo vin pale ak diskite sou sa ak piblik la. Aprè chak reprezantasyon, reyalizatè yo toujou òganize yon echanj ant entèprèt yo ak piblik pou kapab kontinye travay konsyantizasyon an.

Foto: Kit Media

Pou pyès sa a, malgre metòd travay FGH ak lòt manm Cie Hors-Temps yo konn toujou klè nan tèt yo, men reyalizasyon li pa t fasil, sa te pran yo tan pou wè kijan yo ka jwenn pi bon estrikti k ap adapte a sa yo vle rakonte a, pandan y ap sonje tou pyès sa dwe al jwe nan anpil vil pwovens kote ki pa gen ankenn enfrastrikti ki fèt pou sa. 

Premye sa yo te fè se diskite ak ansyen prizonye ki te benefisyè pwojè a. Tout pyès sa konstwi sou lavi yo, sou istwa lavi yo nan prizon an. Chak mo, son, jès, pawòl, soufrans, tout nèt melanje nan yon kakofoni pou vann enkonfò yo bay piblik la.

Pyès sa konstwi pa selil, kote chak pati ka rive otonom poukont yo konsa tou si yo mete tout ansanm l ap bay yon zèv ki solid. Chak reyalizatè nan Cie Hors-Temps t ap reflechi epi travay ansanm pou yo rive jwenn zèv sa ki modifyab nan tout kò l, men gras ak Franketienne li te rive posib. San l pa konnen li te livre yo sekrè pyès modifyab sa ak kouran espiralis la. Se nan apante liv li yo reyalizatè yo rann yo kont jan li tabli koze espiral la pou trakase ak toumante lektè yo.

FGH te di si yo  materyalize sa nan reyalite a y ap jwenn pyès la. Epi depi 2019 Cie Hors-Temps te toujou ap reflechi sou kijan yo ka kreye nouvo fòm dispozitif senik. Baz rechèch yo, talan ak espiral la ede yo chita pyès sa.

Anfèt tout pyès la difisil pou tout moun sitou pou fanm, pa gen yon moman repi pou medam yo se menm jan an tou nan prizon an, menm nan moman ou ta panse y ap repoze yo se chay y ap ranmase pou yo kontinye mache, kontinye rakonte ak yon vwa wouye, yon souf balèn ki prèske etenn, kalamite Ayiti mete nan djakout yo.

Dechouke lanfè sou latè se youn nan pyès teyat Hugh ki pale san fremisman, san bouche je de tout kalte vyolans fanm yo ap sibi nan sosyete a. Soti nan vyolans vèbal, vyòl y ap sibi, ak aksè ak bonjan lijèn kò yo pa jwenn antanke fanm pou rive nan enjistis y ap sibi nan men bouwo yo, pyès sa ranmase tout fòs li pou li rakonte istwa lavi fanm sa yo ki ap sibi tout kalite deriv, ki kontre bab pou bab ak vyolans, avòtman nan move kondisyon.

Kreyasyon pyès sa pa yon loray kale men se tout yon pwosesis prizanchaj ki te kòmanse byen anvan gras ak kèk enstitisyon dwa moun ak kiltirèl nan peyi a depi kèk lane. Tankou Asosyasyon Kat Chemen, Avoka San fwontyè Kanada, BDHH, elatriye. Gen suivi medikal ki te konn fèt anvan, sesyon ak sikològ, gwoup echanj pou diskite ak pou youn ede lòt. Atravè yon medyòm atistik, medam yo te swiv yon fòmasyon epi kreye yon zèv k ap ede yo pale epi fè lapè ak tout sekèl prizon an kite nan lavi yo.

Nan kad kreyasyon sila a, reyalizatè yo pale ak medam yo anpil, yo te prete fanm sa yo yon zorèy ki kapab koute san prejije. Pou rakonte ak tout wonte, ak difikilte sa charye, tout sa yo te viv epi kijan yo t ap renmen revandike sa si yo ta gen chans fè sa. Pafwa, reyalizatè yo konn itilize metòd dramaterapi yo pou rive ede yo mete ansanm resanti yo, emosyon yo, sa yo viv ak revandikasyon sa charye lakay yo.

Hugh pa gen sètitid  pyès la geri yo nèt, dayè pou sa yo viv nan 7, 8, 10, lane prizon, nan kondisyon kote yo pa moun ditou, yon syèk lapè pa p sifi pou yo geri. Men aprè chak reprezantasyon kote yo fin jwe, fin kriye epi patisipe nan echanj ak piblik, toujou gen yon pa anplis ki fèt sou chimen pou yo retabli mounite yo.

Bay lapawòl a moun yo te efase pandan lontan se pi gwo zak lanmou yon moun ka fè pou ede yo retabli tèt yo kon moun ki gen plas yo nan yon sosyete. Kite yo pale, eksprime yo, pale verite yo, se chimen gerizon an yo pran. Chimen pou ka gade lavi nan je.

Biyografi

Foto: Tony Touch

GELIN Guerschon- Hugh, yo plis konnen li sou non sèn li Février Gertrude Hugh se yon metè an sèn, powèt ak dramatij Ayisyen. Li fèt pòtoprens nan lane 1996. Li fè yon etid nan lèt ak yon mastè nan “ Littérature et transculturalite” nan lekòl nòmal siperyè. Li swiv yon seri fomasyon sou pèfomans avèk Ketly NOEL, Daphné MENARD, Oumaïma MANAI pou site sa yo sèlman. Septanm 2022, li swiv yon fomasyon nan kreyasyon dramatik ak Julia Ruiz CARAZO nan sant kiltirèl espay nan sen domeng.

An oktòb menm ane a li te youn nan atis ayisyen ki te patisipe nan yon residans nan Sen Domeng nan kad dezyèm edisyon « des rencontres de créations artistiques haitiano- dominicaine » asosiyasyon Sol-Scène te oganize.

FGH se manm Cie Hors-temps, li se kreyatè partance I et X , Kalashnikov (festival kat chemen 2019 ak 2020), Zéro degré V (festival kat chemen 2020). Nan lane 2019, Li te youn nan entèprèt ki te louvri festival kat chemen ak yon pèfomans nan plaie de la Cie Hors-Temps, yon pyès ki te kreye sou direksyon Schneiderson RENÉ. FGH se metè an sèn dechouke lanfè sou latè, yon pyès ki fèt sou reyalite kaseral nan peyi Dayiti.

Nan mwa septanm 2021, li te asistan direksyon atistik nan egzibisyon atis plastik ayisyen Yvi (Youseline Vital) ki te fèt nan La Lorraine, Petyonvil. Nan mwa janvye 2022, li te komisyonè asistan pou Régine Cuzin pou egzibisyon «Vives » nan Maison Dufort nan Pòtoprens. Nan mwa mas 2022, li te prezante « Tombeau Rouge », yon pèfòmans sou feminisid Annayiti sou paj Institut Français en Haïti. Li te fè mizansèn pou ” « Boyin 7.6.7 »,  Kav-Alye Pierre te pwodwi nan mwa jen 2022. Li te patisipe nan yon atelye kreyasyon ibrid nan mwa mas 2023 avèk Centre d’Art, anba direksyon Pascale Monnin sou Jacques Stephen Alexis.

Li te ekri epi fè mizansèn pou « Le bruit des hommes qui chutent » nan mwa oktòb 2023 nan Institut Français en Haïti. Li se manm PLUME, yon atelye ekriti. Li se manm Kolektif Acacia Bleu ki rasanble jèn atis ayisyen ki sòti nan diferan inivè ak ekspresyon atistik. Li ko-dirije « Opaque Voisin Lab » ak Kav-Alye Pierre, yon laboratwa rechèch atistik sou pèfòmans/enstalasyon ak sènografi.

Nan mwa desanm 2020, li te pibliye premye rekèy pwezi li, « Rhapsodie d’Ordure » nan edisyon Gouttes-Lettres nan Pòtoprens. Li te pibliye tou kèk nouvèl sou yon platfòm literè, « Le Temps Littéraire ».

Tout lavi Hugh kòm kreyatè kreye ak sans.  Li kreye zèv ki pran plas, ki pouse moun reflechi, poze kesyon ak endekse deriv ki gen nan sosyete a. Enspirasyon ki kache deyè pyes li yo se lavi, pi bon kondisyon lavi pou tout moun, fanm ak tifi kèlkeswa kote yo ye sou bout tè papa Desalin nan.

Tags: AyitiByennètDiyiteFanmKreyasyonLakiltiPrizonSènsosyeteTeyatVyolans
Previous Post

La corruption, un mode de gouvernance précaire en Haïti

Next Post

« Monólogo Híbrido » de Ricardo Auguste, une histoire poignante de la triste migration haïtienne au Chili

Ilande Vil

Ilande Vil

Next Post

« Monólogo Híbrido » de Ricardo Auguste, une histoire poignante de la triste migration haïtienne au Chili

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

27/02/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

23/02/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

04/02/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

28/01/2026

Recent News

Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

27/02/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

23/02/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

04/02/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

28/01/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED