• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Friday, 16 January 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Jeni DriD, Yon Inisyativ Pou Soutni Lang ak Kilti Kreyòl

Jeni DriD, Yon Inisyativ Pou Soutni Lang ak Kilti Kreyòl

Gen yon pwovèb ki di : « Timoun jodi, granmoun demen ». Sosyete w vle jwenn demen an, se depi jodi a pou w koumanse konstwi l. Se yon pawòl DriD Antrepriz pran oserye, lè l chwazi envesti kouraj li ak kapasite l nan fòme timoun ak jenn sou lang Kreyòl, epi kreye lakay yo yon lanmou pou li.

Pou anpil moun, peyi Dayiti ap vanse san lespwa, kote chak koukouy ap klere grenn je yo. Poutan, divès inisyativ pa sispann pran pou ride kominote yo, sosyete a, rive jwenn chimen devlopman. DriD Antrepriz, ki se yon enstitisyon nan sektè restorasyon, deside pote kontribisyon pa li, nan soutni lang ak kilti Kreyòl.

Menmsi Kreyòl se lang manman ak papa tout Ayisyen, anpil moun pa respekte li, ni bali enpòtans li merite nan sosyete a. Nan anpil enstitisyon nan peyi a, ata nan lekòl, lang Franse ak lòt lang etranje tankou angle, se siy ki moutre yon moun save, pale Kreyòl se dezonè. Pou dirijan Drid Antrepriz yo, ansanm ak patnè enpi kolaboratè yo, se yon move panchan yo sipoze konbat nan sosyete a. Se pou rezon sila a, depi 4 lane, yo lanse konkou Jeni Drid, pou ankouraje timoun pale enpi renmen lang Kreyòl la.

« Jeneralman, depi yon moun se Kreyòl li pale, otomatikman, anpil moun wè l tankou yon moun ki pa fòme. Se sa ki te pouse n lanse konkou sa a » – Drianca DERICE, inisyatris pwojè ak PDJ DriD Antrepriz

Kisa Jeni DriD Ye ?

Jou ki te samdi 31 Dawou 2024 la, se te final katriyèm reyalizasyon konkou Jeni DriD la, sou tèm « Lang Nou Se Orijin Nou », avèk eslogan « Lang Mwen, Kilti Mwen, Fyète Mwen ». Konkou sila a te fèt nan de nivo. Yon kote, nan « Jeni DriD m ap eple mo kreyòl », divès timoun ki genyen soti 9 pou rive 14 lane t ap twoke kòn yo nan eple mo kreyòl. Yon lòt bò, yon latriye jenn fanm ak jenn gason ki genyen ant 15 ak 22 lane t ap mezire konesans ak lanmou yo pou lang Kreyòl la, anba banyè « Jeni DriD », kote yo pa sèlman eple mo, men tou repon kesyon sou gramè Kreyòl, grafèm ak fonetik lang lan.

Dapre fanm vanyan ki mete kanpe DriD Antrepriz la, Drianca DERICE, inisyativ sila a pran nan lide pou fè timoun yo dekouvri fondè lang Kreyòl la, bèlte li, jiskaske yo vin gen yon lanmou pou li. Envesti nan demen, se prensipal motè antrepriz sosyal la.

« Jeni DriD se yon apèl pou konsyantize, pou dekouvri kapital enpòtans lang Kreyòl la, e pou konnen kijan li ka ede nou konstwi yon demen miyò » – Drianca DERICE

Nan katriyèm reyalizasyon an, se Wisline ALTHÉ ki rive ranpòte lamayòt nan kategori timoun yo, enpi Charly CHALMO nan kategori jèn yo. Yon lòt bò, Ezekiel PRUDENCE ranpòte pri sèvo lò, ki se prim yo bay patisipan ki reponn plis kesyon nan konkou a. Pou sila yo ki te patisipe nan konkou a, anpil bèl prim te vin rekonpanse efò yo. Pami yo, kit eskolè, bèl meday, sètifika ansanm ak lòt prim, epi yon anvlòp pou gran gayan yo.

Konsa tou, genyen lòt benefis patisipan yo jwenn ki ap sèvi yo pou lavi. Se konsa, avan menm reyalizasyon konkou a, yo te suiv, nan dat 10 Dawou 2024 la, yon fòmasyon sou enpòtans lang Kreyòl la te genyen nan batay pou lendepandans peyi a, ak wòl li ka jwe nan devlopman. Fòmasyon sa a te chita tou sou gramè, grafèm, ak fonetik nan lang Kreyòl Ayisyen an.

Boutofen, konkou sila a enskri tèt li nan yon pwosesis dekonstriksyon ak rekonstriksyon, pou ede timoun yo ak jenn yo reflechi nan lang Kreyòl. Yon lòt bò, li te anseye yo disiplin, kote manm jiri yo evalye patisipan yo non sèlman pou efò ak konesans yo nan lang lan, men tou sou disiplin yo, kote reta konte, prezantasyon, men tou respè anvè manm jiri yo, estaf, piblik ak lòt patisipan yo.

Yon Katriyèm Reyisit Ki Anonse Pi Bon Toujou

Dapre PDJ DriD Antrepriz la, Drianca DERICE, katriyèm reyalizasyon an se te yon reyisit, e li fèt nan yon nivo ki pi avanse parapò ak reyalizasyon avan yo. « Apre chak reyalizasyon, nou jwenn plis moun ki apresye pwojè a, e ki di yo pare pou yo bay bourad nan nivo yo kapab », se sa li di.

Nan twa reyalizasyon anvan yo, Jeni DriD te rive reyalize ak sèlman kategori timoun nan, e kounye a, yon lòt kategori vin grandi inisyativ la. Konsa tou, dapre PDJ a, anpil timoun ak jenn ki pa Pòtoprens te eksprime volonte yo pou yo te patisipe, malerezman, akoz defi lojistik sa poze, konkou a poko nan nivo pou l etann li sou tout peyi a.

Sitiyasyon sila a, se yon ankourajman pou estaf Jeni DriD la, ki vle wè konkou a pran yon nivo nasyonal nan ane ki ap vini yo.

« Nou pa prese. Nou prale etap pa etap, jiskaske nou rive nan nivo nou sipoze rive a. Lè Jeni DriD ap atenn objektif li, se pral yon Jeni DriD k ap òganize nan chak depatman yo, epi yon gwo konkou nasyonal ak diferan chanpyon rejyonal yo. » – Drianca DERICE

« Apre chak eksperyans, nou aprann, nou korije, nou grandi, e n vin pi fò pou ane k ap vini an. » – Drianca DERICE
Tags: AngajmanAyitiDriDEple MokiltiLang kreyòlMososyeteTimoun
Previous Post

Néné FATIMA IRODISTAN SYLVAIN, BRIKHA BRIGITTE KHAYAT : Deux grandes figures dans la tournée sur le réchauffement climatique

Next Post

Plan Pour la Paix : quand le Gouvernement Jeunesse d’Haïti organise un symposium sur la paix et la cohésion sociale !

Clovesky Andre Gerald Pierre

Clovesky Andre Gerald Pierre

Next Post
Plan Pour la Paix : quand le Gouvernement Jeunesse d’Haïti organise un symposium sur la paix et la cohésion sociale !

Plan Pour la Paix : quand le Gouvernement Jeunesse d'Haïti organise un symposium sur la paix et la cohésion sociale !

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026
Klèb Asòtò : Yon omaj chaje emosyon pou Jean Dorcely Dede

Klèb Asòtò : Yon omaj chaje emosyon pou Jean Dorcely Dede

11/12/2025

Recent News

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

Quelles leçons avons-nous tirées du tremblement de terre du 12 janvier 2010 ?

13/01/2026
Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

Haïti, l’empire des ONG : le ras-le-bol d’un jeune patriote meurtri

08/01/2026
À un mois du 7 février 2026, les options se referment

À un mois du 7 février 2026, les options se referment

07/01/2026
Klèb Asòtò : Yon omaj chaje emosyon pou Jean Dorcely Dede

Klèb Asòtò : Yon omaj chaje emosyon pou Jean Dorcely Dede

11/12/2025
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED