• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Monday, 2 March 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Kwonik #1 : Levye pou transfòme Ayiti

Kwonik #1 : Levye pou transfòme Ayiti

Jounalis Ekoloji Politik ak kiltirel

Tèks sa enskri tèt li nan pwojè pou rapousiv lide ki ka ede gwoup pwogresis Ayiti yo kwaze bab pou bab avѐk levye ki ka penmèt kan pwogresis la rive transfòme reyalite sosyal ayisyen an, k ap ban nou defi depi 1806.

“Filozòf yo fin entèprete monn lan, kounye a, an n kanpe  toyo oubyen paradig pou rive transfòme li”. Sa se pawòl ki te soti anba gouyad plim filozòf Karl Marx pou louvri kannari lide k ap bwase kò yo pou mete kanpe yon jewografi transfòmasyon sosyal nan monn lan. Fraz sa, pa sispann bat lakanpany nan kòlòwòs tèt mwen, pou gade kijan li ka koresponn ak mak fabrik sosyete Ayiti a. Èske nou rive kit ak koze ki ta fè kwè filozòf yo fin entèprete monn lan ? Sitou, lè nou tonbe bab pou bab, avèk prewokipasyon entèlektyèl nou, sou tèren kriz ki kanpe tennfas sou sivilizasyon oksidantal la, sou ekoloji ak moun menm nan jan nou kanpe l sosyalman, ki pa menm plimay ak mak fabrik ontolojik lanati taye pou moun. Si nou rantre lakay nou Ayiti, nou ka toujou di : èske lye entèpretasyon ak transfòmasyon maksis la, gwo nèg ak gwo bibit ase pou pote ak ranmase gouyad transfòmasyon sosyal peyi a. Sitou, si nou pati ak lide moun lan, nan demach Ayiti a, ki jouke nan jouk Lafrik ak Taynòs  yo, ki se yon antite ki reprezante alafwa sou lide matyè ak enèji. Alòske, lye transfòmasyon maksis la jouke nan inikman filozofi materyalis la. Kidonk, menm konsepsyon moun lan, nan sans etimoloji afriken li, nan peyi kongo, gentan depase paradig maksis la, nan nannan fondyè li.

Pou n kontinye, chita sou konsepsyon moun lan lakay ayisyen an, nou ka di nan sans MUNTU a, li vle di, yon enèji ki abite yon antite kosmik nan lide pou ba li direksyon, selon gwo entelijans kosmik lan k ap asire gouvènans kosmòs la. Yon prensip materyalis antik tankou Démocrite ak tout lèzòt yo dakò sou li.  Savledi, moun lan gen kò li k ap bouje, gwo bonnany li k ap ranmase enèji kreyatris lavi a, epi, tibonnany li k ap operasyonalize aksyon li yo, sou enfliyanse gwo bonnany lan. Kidonk, koze sa gentan mande chèz pou pi byen sènen lye transfòmasyon sosyal Ayiti a, nan pèspektiv pou remannyen lye entèpretasyon lavi sou peyi a. An n apre tou, pou nou tou gade lye transfòmasyon peyi a.  Pou chita sou ti chèz ba, gouyad teworik ak akademik sa, li mande pou gade :

  • Kosmogoni ayisyen an ki pati ak lide, nan alevini kosmòs la genyen as frèt yo, ki konsidere tankou eleman matyè ki chita sou pwopriyete lwa fizik mekanik yo. Epitou, as cho yo, ki konsidere tankou enèji ki chita yo menm sou pwopriyete lwa fizik kantik ak relativis la. Sa ki vledi, lavi a nan tout dimansyon li ap repoze tout kò li nan mitan yon woulawoup sakad ki mete enèji ak matyè nan yon panye gravitasyon ak vibrasyon wòdpòte san kanpe. Sa ki vin akouche yon doub dyalektik filozofik ki kanpe sou bit materyalis istorik ak demateryalis sentetik.
  • Ontoloji ayisyen an, ki jouke nan prensip mounite inivèsèl la k ap bouske somè libète a pou soti moun tout bon vre nan tout fòm esklavaj ak alyenasyon sistѐm peze souse a, te ka trennen dèyè li. Kidonk, konstriksyon sosyal moun yo gen yon dimansyon edikasyon objektif k ap gade aspè materyalis ak deyò moun lan. Epi tou, yon dimansyon oto-edikasyon sibjektif k ap gade aspè demateryalis ak anndan moun lan, nan lide pou akouche chan enèjetik li. Se eleman tou, ki pral detѐminen rit vibrasyon li ak dimansyon kosmik li. Yon pèspektiv ki pral blayi nan lavi moun lan dimansyon beyatitid, bonè, lanmou, espirityalite ak libète pwofondè a.
  • Dimansyon epistemolojik ayisyen an, ki vize ranmase tout deplòtonnay konesans lavi a nan yon lòt sakit ki gen pòch anndan kou deyò nan limit pou transpòte nou sou tèren konpletid mounite inivèsèl la charye dèyè l la. Se yon demach ki vize ranmase konesans anndan ak deyò moun yo nan yon menm panyen apati piwèt paradig kosmik lan.

Si nou ta rete sou twa aspè sa yo, ki deja anonse yon lòt sivilizasyon, èske pa ta gen nesesite pou repanse lye entèpretasyon ak transfòmasyon Ayiti a ? Mete sou sa, li enpòtan tou pou nou ta gade kijan chematik sivilizasyonèl sila, ki nan madebat toujou, ka enfliyanse fòmasyon sosyal Ayiti a, latriye lit popilè k ap mennen  pou debouche sou transfòmasyon Ayiti a, diferan larèl lide ki deplòtonnen nan batay pou kanpe transfòmasyon sosyal peyi a, san nou pa bliye piblikasyon analiz chematik 32/34 Jacques Roumain an, plis manifès pati antant popilè a avèk Jacques Stephen Alexis. Anpi tou, fòk nou gade kijan lide n ap deplòtonnen la yo enfliyanse fòs pwodiktif peyi a, rapò sosyal klas yo ak kapital kiltirѐl k ap mennen batay transfòmasyon an. Se latriye kesyònman sa yo plis lòt ankò ki pral gide nou nan gran vwayaj nou pral tanmen la pou bouske levye ki ka ede nou transfòme mak fabrik sosyete Ayiti a.

An nou swiv………..

James FRANCISQUE

Jounalis ekoloji politik ak kiltirѐl

Tags: AyitikiltikreyolisLetalideMaksisMounitesosyete
Previous Post

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

Next Post

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

James Francisque

James Francisque

Next Post
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Comments 1

  1. Kayimit Kreyòl says:
    2 years ago

    Mwen fyè de oumenm. Yon sèl bagay gen mo mwen pa fin konprann nan vokabilè Kreyòl la men mwen fòse konprann. Un très beau texte. Toutes mes félicitations.

    Reply

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

27/02/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

23/02/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

04/02/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

28/01/2026

Recent News

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre