• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Monday, 2 March 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

Kwonik#3/ Levye pou transfòme Ayiti a: Sou istwa lit popilè ayisyen an

Kwonik # 2: Levye pou transfòme peyi Ayiti : Sou fòmasyon sosyal Ayiti a

Tout pèp k ap goumen pou defini yon mòd egzistansyèl toujou gen yon latriye dimansyon senbolik tankou lakilti, memwa ak listwa li makònen ak yo pou trase chimen egzistans li. Kapital kiltirèl sa yo toujou vini sou twa tablo nan batay dyalektik yon peyi. Ou toujou jwenn yon kilti dominan ki ranmase lo senbolik gwoup dominan k ap oryante lavi nan sans enterè dominasyon yo enpoze. Dezyèm kategori a, se kilti mas yo ki se latriye senbòl klas mwayèn, ouvriye ak chomè adopte nan lide pou imite dominan nan sans pou bay tèt yo aparans tiboujwa. Anfen, kilti popilè ki se pratik lavi moun k ap goumen kont mòd oryantasyon lavi sila a nan lide pou vini avèk yon lòt mòd lavi. Kidonk, yo rive konstwi yon tralye valè senbolik altènatif pou mennen batay yo a.

Se nan fouchèt sila, nou pral fofile kò nou, pou rantre gade pi byen kòman lit popilè ayisyen an t ap deplòtonnen sou peyi a.

Premye randevou ki te kase nan listwa batay sa, se te nan dat 17 oktòb 1806, kote nou te pral konnen premye koudeta andan peyi a kont Dessalines ki te vle rete pi pre pwojè libète a. Twa mwa apre, batay la te pral rapousiv ant kan Petyon ki t ap enplante vizyon fewodalis la ak kan Kristòf la ki te vle rete ankò pi pre pwojè Desalin lan.  Chak kan ap pwofite katyouboumbe politik la pou manipile pèp nan pèspektiv itopik yo a.

Apre lanmò Kristòf ak fondasyon pwojè fewodal la, te pral gen yon pete goumen, san nou pa bliye batay Goman yo, kont sistѐm lan. Katye jeneral mouvman sa a se te nan komin Tòbèk, espesyalman nan lokalite pralen, kote yo te ekri yon manifès ki te rele manifès pralen. Fòk nou di tou, te gen ti jwèt kalinda pou rive manipile lamas sou vrè objektif mouvman an. Men, Jan Jak Akawo, kòm avangad lamas te rete goumen pou vrè liberasyon mas la, jouk sistѐm lan te rive asasinen li nan zòn Ansavo.

Pou yo te pase pi byen nan betiz revandikasyon mas yo, yo te aplike yon politik dedoubli, sa ki te mennen Akawo di yon pawòl Jak Roumen te ka tradwi konsa : koulè po pa anyen, se klas sosyal yo ki tout bagay la. Paske, pou Akawo, nèg rich se milat. Milat pòv se nèg.

Apre sa, kan fewodal rejyonalis yo, sou lobedyans kako ak pike, te tanmen pwofite itilize vrè revandikasyon mas yo pou mennen batay politik yo anfas sistѐm lan, sitou nan dimansyon prekapitalis li ak newokolonyalis ki t ap mete pye sou kou kan fewodalis la. Pandan tout tan sa yo, mas la menm rete l ap sibi mètdam fo pwogresis sa yo. Sa pa vledi, mas la te rete inaktif san batay. Men, nivo batay ak vrè avangad k ap ede l oryante batay la p ap ase, rapò fòs pou aksyon yo a te detèminen nan limit  pou te pran kontwòl gouvènay peyi a. Okontrè, chak fwa gwoup reyaksyonè bezwen chofe sistѐm lan, se nan dyakout kouzen zaka mas la yo al foure men yo pou espoze revandikasyon mas yo ak mobilize yo sou fo pwomès.

Nan evolisyon sosyete, sitou nan dezyèm mwatye 19èm syèk la, pral gen yon gwo kontradiksyon ki eklate ant kan fewodal yo ak kan boujwazi machann libéral yo ki vin pi anvlimen kriz akimilasyon richès yo, kote leta, ki se ògàn regilatè kan dominan, vin gen twòp misyon ak enterè pou l pwoteje.

Etazini ki t ap jwe anbachal anba enfliyans Lafrans ak Almay, pwofite deplòtonnay kriz la, pou li vin enpoze enperyalis li a sou tralye kontradiksyon nan peryòd kòmansman 20èm syèk la. Malgre yon syèk gentan pèdi lavi li nan piwèt tan, men sitiyasyon malouk mas la pa janm bridin kò li sou plan sistemik.

Okontrè, entèvansyon Etazini an, vini kòm yon redeplòtonnay sistѐm peze souse a ki te vize mete pye pi rèd sou kou kan fewodal, newokolonyal ak lamas pou prije yo rѐdchѐch.  Nou ka site kèk egzanp, tankou ogmante ak mete taks sou pwodwi agrikòl yo, etabli yon sistѐm kòve epi tou, vini ak yon lòt gwoup boujwazi pou vin fè biznis avèk  Etazini. San kite dèyè santralizasyon peyi a pou lage gouvènay la nan men yon ti ponyen yo te gentan fòme pou sa. Yon pwojè kan popilè t ap batay kont li, sitou avèk kèk avangad kou chalmay Peralt, Wozalvo Bobo ak kèk lèzòt ankò. Men, sa pa t anpeche sistѐm te gaye kò l. Nou paka bliye machatè nan sid nan dat 6 desanm 1929.

Nan lanne 1946, ti gwoup tiboujwa ak gran boujwazi a te tanmen batay pou konnen kiyès nan yo ki pral asire gouvènans pòs lokipasyon an, nan jwe wòl koutye sistѐm peze souse amelyore pou meriken vin taye banda a.

Fòk nou tou di, te gen kèk lidè pwogresis ki t ap jèmen, sitou nan ti mesyedam larich, san bliye ekip Roumen an, pou akonpaye batay lamas la karebare. Anndan kafouyay politik sa ki t ap deplòtonnen an, mesyedam ki t ap batay sou koulè po yo, te rive enpoze yo kòm jeran sistѐm peze souse a, avèk anpil manipilasyon politik ki jouke nan yon diktati bout di. Lamas menm ap reve fo espwa anba manipilasyon politik.

Apre batay sa, yon latriye dezyèm jenerasyon pwogresis, pami yo Jak Estefèn Aleksi, te tanmen batay jouk yo te deboulonnen rejim bout di a, pou chita pwojè demokrasi boujwa 86 la. Sa ki te penmѐt yo rive inogire yon lòt paj politik, kote yo t ap tante santre balon an sou tèren revandikasyon mas yo, ki te trè prezan nan batay pou te kase ke makak la.

Men, nan reyalite pòs 86 la, sa ki rive reyisi se toujou pwojè peze souse a avѐk latriye tèt ki karakterize li yo. Men tou, sa ki vin dominan an se demach enperyalis meriken Etazini an sou kouvèti yon ekonomi predatris, kote chak grenn aktè ap tante mete pye sou kou sa ki anba li pat li a. Se yon chema chen manje chen.

Nan lanne 2004 yo, yon latriye aktè monte sou sèn lan pou kanpe anfas kan lavalas la, ki li menm te jouke nan ideyal 90 yo, k ap tete lang avèk revandikasyon 86 yo ki pase anba pye. Sou baz pou ranplase avangadis jenerasyon 86 yo, nan lojik ti pas kout, yo te menm fè kolizyon ant 184 òganizasyon ki t ap pote pwojè gwoup boujwazi branch enperyalis la. Menm ekip sila, pral rive pran pouvwa atravè ekip ki pral rele tèt yo PHTK. Kanta mas la, li kònich pi rèd nan kenbe bouyon rechofe fo lespwa. Sitou, anba yon woulawoup pwopagann k ap tante manipile yo.

Boutofen, malgre tout vire tounen sa yo depi plis pase 200 lanne, lamas ap goumen san kanpe nan nivo li kapab pou bouske wout liberasyon total li. Men, gwoup ki toujou pran pòz ap jwe jwèt avangad yo, yo toujou twonpe vijilans mas la pou lage yo nan twou pi rèd. Malgre, bon volonte kèk pami yo, ki pa janm rive detèminan nan batay la. San kite dèyè, lye entèpretasyon ak transfòmasyon an, ki merite remanyen.

Fòk nou di tou, depi 2018 gen yon pawòl chanje sistѐm k ap klewonnen. Anpil evènman politik gentan pase jouk n ap rantre nan entèvansyon militè etranje. Èske se wout sila k ap gen pou ede lamas konstwi rasyonalite politik sifizan pou rive transfòme reyalite sistѐm lan ?  Oudimwen, nou te ka di, èske nou rive nan limit kote kategori chomè, travayè otonòm (enfòmèl) ak travayè defavorize pral met tèt yo ansanm pou tanmen yon batay wòdpòte anfas sistѐm predatè sa, ki chaje yon tralye epitèt tabkou : fewodalis, prekapitalis, newokolonyalis, kapitalis ak enperyalis ; sitou nan yon fouchèt ki ranmase kilti pèp la, pou n pa di sivilizasyon li ?

Tags: AyitiLide ak opinyonListwa
Previous Post

Enfance brisée : l’impact des châtiments corporels sur les écoliers Haïtiens

Next Post

Vibrations des îles : sept festivals à ne pas manquer dans les Caraïbes

James Francisque

James Francisque

Next Post

Vibrations des îles : sept festivals à ne pas manquer dans les Caraïbes

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

27/02/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

23/02/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

04/02/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

28/01/2026

Recent News

Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

27/02/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

23/02/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

04/02/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

28/01/2026
La ruche le journal

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre

No Result
View All Result
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED