• About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact
Monday, 2 March 2026
La ruche le journal
  • À LA UNE
  • Culture
    • Mosaïque créative
    • la vie des mots
  • Société
    • Espaces communautaires
    • Echos : Voix et expérience
    • Rencontres Citoyennes
    • Voix et justice
    • Podcast
    • Idées et opinions
  • Horizons caribéens
  • International
  • Nationales
    • Economie
    • Éducation
    • Environnement
    • Santé
    • Sport
  • L´Édito
No Result
View All Result
La ruche
No Result
View All Result
la ruche
No Result
View All Result

“Platfòm Koze Gab” : yon mwa fòmasyon sou règ ak ekriti kreyòl

“Platfòm Koze Gab” : yon mwa fòmasyon sou règ ak ekriti kreyòl

Kredi foto: Nissi Gabriella JEAN

Nan sans sa, nou te rankontre lenguis, Nissi Gabriella JEAN, responsab Platfòm Koze Gab, pou yon ti batbouch sou inisyativ sa limenm ak tout rès ekip la rive pran. An nou suiv yon enntèvyou jounal La Ruche te reyalize ak li.

Frantzley VALBRUN : Nissi Gabriella JEAN, ou se lengis, responsab Platfòm Koze Gab, pale nou plis de ou, di nou kiyès ou ye ?

NGJ : Mwen se anseyan lang, pasyone kreyolistik epi militan pou lang kreyòl an patikilye. Mwen fè 4 ane lisans yo nan Fakilte Lenguistik Aplike (FLA-ILA). Suit a konkou tradiksyon an kreyòl Ak endepandans peyi a ansanm avèk diskou Dessalines nan rektora Inivèsite Leta a te òganize a, yon konkou m te soti premye loreya fanm ladann, mwen te lanse platfòm koze_gab la pou ede popilasyon Ayisyèn nan aprann e konprann plis sou sa k ap pase nan lang nan.

FV : Koze Gab lanse yon « fòmasyon sou règ ak ekriti kreyòl ayisyen an », di nou plis sou inisyativ sila?

NGJ : Se yon fòmasyon ki gen pou objektif ede piblik la ekri byen oswa pi byen kreyòl ayisyen an. Nou tout pale kreyòl men se pa nou tout ki toujou jwenn yon fòmasyon sou sa. Ekip la mobilize tout konpetans li nan domèn nan pou bay patisipan yo bon jan zouti k ap ede yo non sèlman konprann fenomèn yo men aprann aplike yo kòmsadwa tou.

FV : Poukisa yon inisyativ konsa ?

NGJ : Nou twouve gen anpil mank bò kote lokitè ayisyen yo nan jan yo ekri. Nou konte ede pi plis moun nou kapab nan sans sa a.

FV : Konbyen moun nou konte genyen, e ki mwayen pou yon moun rive enskri ?

NGJ : Nòmalman, se yon fòmasyon ki pou tout popilasyon an. Men nou t ap renmen reyini omwen yon 50èn moun paske n pa konn pou kilè n la ankò.

FV : Ki piblik nou vize pou patisipe nan aktivite sa ?

NGJ : Depi moun nan abitye ekri deja li ka patisipe. Kit li timoun, jèn oswa granmoun.

FV : Pratikman, “Koze_gab” se yon platfòm k ap fè pwomosyon pou Lang Kreyòl sitou travay sou règ ak estrikti lang lan. Men konbyen tan nou genyen depi n ap fè travay sa yo?

NGJ : Nou gen egzakteman 6 mwa depi nou lanse platfòm nan, men temwanyaj sou travay la ak enfliyans nou trè konsiderab. Dayè, se sou demann piblik la nou pote fòmasyon sa a.

FV : Ki lòt aktivite nou abitye fè deja ?

NGJ : Se premye aktivite nou an prezansyèl. Pa kont, nou fè konferans anliy, nou fè kwiz pou kado chak dènye vandredi nan mwa yo tou.

FV : Di nou non, nan fòmasyon sa n ap òganize a, ki lòt aktivite k ap gen ladan l?

NGJ : Ap gen moman echanj chak jou pandan 30 minit sou kèlkeswa difikilte patisipan yo genyen sou yon fenomèn lenguistik kèlkonk, ap gen jwèt tradisyonèl nan moman poz yo epi ap gen yon konferans-deba dènye jou fòmasyon an avèk yon doktoran nan domèn lenguistik.

F.V : Èske yon moun ki maton deja nan Lang lan ka patisipe ?

NGJ : Wi paske m pa panse si yon moun pa lenguis li ka gen yon kantite konesans sou kreyòl ayisyen an piske lang nan vyèj.

FV : Ki enterè yon moun ki pa maton nan Lang lan genyen pou li suiv yon fòmasyon konsa ?

NGJ : Fòmasyon sa a ap ba nou tout baz règ gramè lang nan k ap ede nou metrize l byen epi l ap mete nou anfas reyalite ki travèse diferan fenomèn lenguistik ki egziste ladann yo.

FV : Ki enstans ki sipòte aktivite a ?

NGJ : Bibliothèque Michèle Tardieu sèlman m ka di paske se yo ki mete lokal la disponib pou nou. Apre sa se mwen k jere tout bagay poukont mwen.

FV : Raple nou ankò, nan ki espas, ki jou ak ki lè fòmasyon an ap òganize ?

NGJ : Fòmasyon an ap fèt nan « Bibliothèque Michèle Tardieu » a ki Petyonvil, lendi 5 Out pou rive samdi 31 Out 2024, soti 10è nan maten rive 2è nan laprèmidi.

Tags: AyitiFòmasyonkiltiLang kreyòlsosyete
Previous Post

“Camarade” de Charles Aznavour : Une ode à l’amour et à l’engagement

Next Post

Kwonik #7 (Premyè pati)/ Levye pou transfòmasyon sosyal Ayiti a: Sou nesesite pou yon idewoloji ekolojis

Frantzley Valbrun

Frantzley Valbrun

Next Post
Kwonik # 2: Levye pou transfòme peyi Ayiti : Sou fòmasyon sosyal Ayiti a

Kwonik #7 (Premyè pati)/ Levye pou transfòmasyon sosyal Ayiti a: Sou nesesite pou yon idewoloji ekolojis

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

  • Trending
  • Comments
  • Latest
“À nos chers lecteurs…”

“À nos chers lecteurs…”

05/05/2024
La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

La mode en Haïti : Créateurs de mode, tendances et identité vestimentaires

08/07/2024
Maurice Sixto

Bòs Chaleran, yon lodyans ki dekri san filtè reyalite klas peyizan ayisyen an!

05/05/2024
L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

L’expression à deux voix: Le regard unique de Vicky Onélien

07/05/2024

“La chorégraphie d’absence” de Jean Émile Alfred

4
Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

Le Droit du travail en Haïti : Entre héritages historiques et défis contemporains

4
Les mots tranchent plus que les actes

Les mots tranchent plus que les actes

4
Ronde ou fine, une femme reste une femme

Ronde ou fine, une femme reste une femme

3
Formation au recyclage des déchets plastiques en Haïti organisée par Valplast à Bédou

À Bédou, le plastique devient pavé et promesse d’avenir

27/02/2026
La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

La désinflation s’installe, mais le coût de la vie reste sous tension

23/02/2026
Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

Cancer du col de l’utérus : l’OMS alerte sur une urgence mondiale de santé publique

04/02/2026
Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

Haïti en 2026 : entre stagnation économique et espoir de relance conditionnelle

28/01/2026

Recent News

© 2024 COPYRIGHT BY la ruche Le Journal | ALL RIGHTS RESERVED

Navigation

  • About
  • Advertise
  • Privacy & Policy
  • Contact

Nous Suivre